Fen seremoni an te dramatik tankou fen yon trajedi grèk, paske mèt seremoni an te anonse yon lòt Miss Inivè, Kolonbyèn Ariadna Gutierrez Arevalo.
Plizyè sektè konteste kreyasyon komisyon verifikasyon elektoral la; daprè yo, komisyon sa a pral defann enterè pouvwa a an plas la epi li pa satisfè egzijans opozisyon an ki mande fòmasyon yon komisyon endepandan.
Diplomat ameriken ak kiben ap travay nan Washington sou dènye touch yon akò yap negosye depi plizyè mwa pou pèmèt vòl avyon yo reprann.
Yon manm nan opozisyon an di yo bezwen yon komisyon verifikasyon endepandan pou analize pwosè vèbal yo olye de yon komisyon elektoral
: Tèm sekirite nasyonal la ak politik etranjè te nan mitan deba sa a ki dewoule nan sware madi 15 desanm 2015 la nan Las Vegas, Eta Nevada.
Selon kandida Pati Fanmi Lavalas, Doktè Maryse Narcisse, ki pale ak Lavwadlamerik, eleksyon pè Jean Bertrand Aristide nan dat 16 desanm 1990 la, sete aboutisman yon lit ki te kòmanse plis ke 4 tran anvan sa.
Sondaj yo montre Donald Trump se toujou kandida nimewo 1 an sou plan nasyonal la; men Ted Cruz devan nan kous la nan yon Eta enpòtan, Iowa.
KEP a ensiste pou di tout chanjman nan kalandriye elektoral la kapab gen konsekans negatif sou prestasyon sèman nouvo prezidan an ak enstalasyon yon palman tou nèf nan kòmansman ane 2016 la.
Nan fen yon rankont entènasyonal sou Libi, Sekretè Deta John Kerry di li lè, li tan pou yo elimine enpas la epi avanse pou garanti avni peyi Libi.
Lapolis ranfòse mezi sekirite yo nan moman opozisyon an kontinye manifeste kont rezilta eleksyon yo epi ensekirite a fè plizyè viktim pami polisye yo.
Direktè FBI la, James Comey, di: “Depi nan fen ane 2013, atakan yo te deja ap pale de lagè sent ak posiblite pou yo ta mouri kòm mati."
Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Pierre-Richard Casimir, di otorite yo pran tout dispozisyon pou asire sekirite popilasyon an nan okazyon 2èm tou eleksyon yo ak fèt fen-dane yo.
Pòtpawòl Lamezon Blanch la, Josh Earnest, bay yon pwen de près nan Washington kote li di apèl Misye Trump la se "yon mank dega e se yon pwazon."
Konsèy Elektoral Pwovizwa a deja pran dispozisyon yo fè transpòte materyèl sansib ak non-sansib yo nan sant elektoral yo atravè tout peyi a.
Daprè Trump, gen sondaj ki montre yon gwo pati nan popilasyon mizilman an atravè lemond gen santiman rayisab kont Lèzetazini.
Opozisyon an ranpòte 99 syèj sou 167, alòske pati sosyalis ki sou pouvwa a ranpòte 46 plas sèlman.
Lapolis di atak la te byen prepare; men jiskaprezan yap poze kesyon pou mande poukisa atakan yo te deside komèt yon zak konsa.
G-30 la egzije yon re-evalyasyon rezilta eleksyon prezidansyèl yo epi li ensiste sou kondisyon ki ta dwe reyini pou pwosesis elektoral la avanse
Asistan-direktè FBI David Bowdish: "… Mwen poko pare pou m di si se yon zak teworis ou pa... Se yon posiblite; men nou poko konnen avèk asirans."
Kandida LAPEH a di kondisyon yo pa reyini pou li menm ak kòlèg li yo nan Gwoup G-8 la ankouraje yon demach konsa.
Load more