Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon : 5èm Deba a te Chofe pami Kandida a la Prezidans Pati Repibliken an.


Kandida a la prezidans Pati Repibliken an (de goch a dwat): John Kasich, Carly Fiorina, Marco Rubio, Ben carson, Donald Trump, Ted Cruz, Jeb Bush, Chris Christie ak Rand Paul, pandan yo te so podyòm nan, nan Las Vegas, kote yo patisipe nan 5èm deba pati a sou patwonaj CNN nan sware madi 15 desanm 2015 la. ( Foto AP/Mark J. Terrill).
Kandida a la prezidans Pati Repibliken an (de goch a dwat): John Kasich, Carly Fiorina, Marco Rubio, Ben carson, Donald Trump, Ted Cruz, Jeb Bush, Chris Christie ak Rand Paul, pandan yo te so podyòm nan, nan Las Vegas, kote yo patisipe nan 5èm deba pati a sou patwonaj CNN nan sware madi 15 desanm 2015 la. ( Foto AP/Mark J. Terrill).

Ozetazini, tèm sekirite nasyonal la ak politik etranjè te nan mitan 5èm deba kandida a la prezidans pati repibliken an ki dewoule nan sware madi 15 desanm 2015 la nan Las Vegas, Eta Nevada. Deba sa a fèt nan moman sondaj yo montre elektè ameriken yo ap santre atansyon yo plis kounye a sou kesyon sekirite a apre peyi a te anrejistre yon atak teworis ak yon seri atak ki te sakaje vil Pari, nan peyi Lafrans.

Kandida ki devan nan sondaj yo, milyonè Donald Trump, te sou la defansiv poutèt li lanse lide pou Lezetazini ta entèdi etranje mizilman antre nan peyi a. Li te twoke kèk pawòl byen chofe sou kesyon an avèk ansyen gouvènè eta Florid la, Jeb Bush. Misye Trump di:

“ Nou pap pale de relijyon; nap pale de sekirite. Peyi nou an pèdi kontwòl li nèt.”

Misye Bush te reponn Donald Trump:

"Lide w la pral pouse mizilman yo byen lwen nou nan yon moman kote nou bezwen rete an kontak avèk yo pou n tabli yon estrateji kap pèmèt nou elimine Gwoup Eta Islamik la. Donald se yon nèg ki bon nan bay repons kout ki pase byen nan laprès; men, misye se yon kandida dezas e li tap fè yon prezidan dezas tou.”

2 zòm yo (Donald Trump ak Jeb Bush) tope kòn yo tou sou kesyon leadership la ak kesyon pou konnen kilès nan kandida yo ki tap pi solid pou trete avèk Larisi.

Yon gwo pati nan deba a te santre tou sou kesyon asavwa kijan Lezetazini ak alye li yo kapab ranpòte laviktwa sou Gwoup Eta Islamik la -yon kesyon ki enpòtan anpil pou 2 senatè ki nan kous la: Ted Cruz pou Eta Tegzas, ak Marco Rubio pou Eta Florid. Misye Cruz deklare:

<< Nou dwe itilize frap ayeryèn ekstwòdinè, nou dwe ame konbatan kurd yo e nou dwe patisipe nan batay pou n touye militan Islamik yo kèlkeswa kote yo ye. >>

Senatè Rubio te bay respons sa a:

<<Gwoup Eta Islamik la se yon gwoup sinit radikal. Atak ayeryèn sèlman pa kapab ban nou laviktwa sou yo. Atak ayeryèn se yon eleman enpòtan, se vre; men se sou teren an pou n bat yo e se ak yon fòs ki sou teren an nap kapab fè sa. >>

Kandida yo te twoke lide tou sou kesyon pou konnen ki mwayen ki pi bon pou otorite emeriken yo pwoteje peyi a kont atak teworis. Gouvènè Eta New Jersey a, Chris Christie, pwopoze chanjman nan lwa yo pou pèmèt lapolis ak lajistis genyen mwayen pou yo tabli yon pi gwo siveyans.

“ Map di n yon bagay: Mwen se yon ansyen komisè gouvènman. Mwen te goumen ak teworis e m te ranpòte laviktwa. E lè nou va rive nan Mezon Blanch la, nou pral goumen ak teworis yo e nap bat yo ankò pou n bay Lèzetazini sekirite.”

Kandida repibliken yo genyen pou yo rankontre ankò pou yon 6èm deba nan mitan mwa janvye kap vini la a, kèk semèn sèlman anvan dewoulman primè Eta Iowa a --premye eleksyon primè nan kanpay prezidansyèl 2016 la.

XS
SM
MD
LG