Jij Danio Siriak, pòtpawòl DIRPOD, youn nan pati opozisyon an, abòde koz kriz politik Ayiti ap travèse jounen jodi a. Li pale de jan opozisyon an entèprete dispozisyon konstitisyonèl ki fikse dat manda prezidan an pran fen. Li envite kominote entènasyonal la pou l apiye koz pèp la.