Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a bay Detay sou Preparasyon 2èm Tou Prezidansyèl yo


Nan peyi d Ayiti, direktè egzekitif Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Mosler Georges, bay yon konferans pou laprès nan jounen lendi 7 desanm 2015 la, kote li bay detay sou evolisyon preparasyon kap fèt pou òganizasyon 2èm tou eleksyon prezidansyèl ki fikse pou 27 desanm 2015 la. Misye Georges fè konnen, annatandan bilten yo –kap enprime nan peyi Dubai-- rive ann Ayiti, otorite yo nan KEP a deja pran dispozisyon ki nesesè pou yo fè transpòte materyèl sansib ak non-sansib yo a-tan nan sant elektoral yo atravè tout peyi a.

NOUVEL AYITI POU MADI 8 DESANM 2015 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE ak L. DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:53 0:00

An plis 2èm tou prezidansyèl la, KEP a gen pou l òganize tou eleksyon pou sikonskripsyon kote majorite absoli a pat al jwenn pyès nan kandida yo swa pou 2 chanm palman an, swa pou mèri yo. Pèp la ap genyen tou pou l vote pou chwazi manm KAZEK yo nan zòn kote pat gen yon gayan klè. Pandansetan, BCEN (biwo ki la pou tande plent kandida yo epi pran yon desizyon sou plent sa yo) di li kontinye ap evalye doleyans yo pou sa k konsènen kandida pou palman e lap an mezi pou l anonse rezilta definitif yo semenn sa a menm.

----------------------------------------------------

Jovenel Moise, kandida a la prezidans pati ki sou pouvwa a (PHTK), ki gen pou l ale nan 2èm tou a avèk Jude Célestin (ki poko deside si lap patisipe), ebyen, Jovenel Moise di daprè li pat gen fwod massif nan premye tou 25 oktòb la. Li ajoute: “Se sèlman kèk ka iregilarite otorite yo nan KEP a te anrejistre.” Kandida Bannann nan di lap apwoche 2èm tou a avèk anpil konfyans; paske tout kote li pase, pèp la resevwa li avèk anpil chalè.

Bò kote pati Misye Célestin an, LAPEH, Sèvis Kreyòl la pale avèk kowòdonatè pati a, ansyen Senatè Jean Hector Anacasis, ki deklare nan mikwo Jean-Pierre Leroy ke LAPEH pa fè Konsèy Elektoral la konfyans; e si pa genyen chanjman opozisyon an ap reklame yo, pati a pap patisipe nan 2èm tou prezidansyèl la. Misye Anacasis di LAPEH transmèt mesaj sa a bay kowodonatè Depatman Deta a pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, ki ann Ayiti depi weekend nan e ki tap rankontre avèk Jude Célestin. LAPEH siste sou fòmasyon yon komisyon dankèt enpedandan pou evalye rezilta eleksyon prezidansyèl 25 oktòb la; san sa, daprè kowòdonatè pati a, "pwochen pouvwa a pap gen lejitimite. Nap goumen pou sa pa rive."

--------------------------------------------------

Nouvèl ki sòti nan Plato Santral la fè konnen 2 moun mouri anba bal ajan Ladwann. Pami viktim yo genyen chofè yon kamyon ki te chaje ak machandiz e ki te sou wout pou l ale nan peyi Panyòl. Lè dwanye yo te rete machin nan pou enspeksyon, chofè a te sòti ladan n e misye te eseye kouri pou l chape poul li. Yon ajan ladwann rale zam li e li tire chofè a. Korespondan nou nan vil Hinche, Josué Joseph, di nou otorite lajistis yo ouvè yon ankèt.

XS
SM
MD
LG