Accessibility links

Breaking News

Etazini-Sekirite : Youn nan Atakan 2 Desanm yo Te Planifye yon Lòt Zak Teworis.


Direktè FBI lam, James Comey
Direktè FBI lam, James Comey

Ozetazini, dapre sa otorite yo dekouvri, youn nan atakan ki te komèt yon masak nan Eta Kalifòni semèn pase a, te planifye yon lot atak menm jan avèk yon vwazen, men li pat rive egzekite plan sa a. Enfòmasyon an parèt nan laprès aprè Misye James Comey -- direktè Biwo Ankèt Federal (FBI)-- te di atakan an, Syed Farook, ak madanm li, Tashfeen Malik, te deja tounen 2 fanatik islamik byen lontan anvan atak la te dewoule nan biwo Leta kote Farook tap travay la. Misye Comey di :

<<Depi nan fen ane 2013, mesye-dam yo te deja ap pale de lagè sent ak posiblite pou yo te mouri kom mati, anvan yo te fiyanse, anvan yo te marye pou yo te abite ansanm Ozetazini.>>

Ditektè FBI la --ki tap fè depozisyon li devan yon komisyon chanm bas Kongrè a-- fè konnen Farook ak Malik te kite gwoup teworis lave sèvo yo; se gwoup sa yo ki te enspire mesye-dam yo pou yo te lanse atak la.

-----------------------------------------------------------------------------

Sitwayen ameriken ki gen orijin mizilman lanse yon maraton pou yo ranmase lajan pou ede fanmi moun ki te mouri nan atak 2 desanm pase a nan vil San Bernardino, nan Eta Kalifoni. Daprè chif oganizatè yo anrejistre mèkredi 9 desanm nan, yo deja ranmase 175 mil dola.

Pandan maraton an preske rive nan fen li, òganizatè prensipal la, Faisal Qazi --yon doktè mizilman kap travay nan biwo kote atak la te dewoule a-- mete ak zanmi li yo pou yo bay mouvman an yon karaktè nasyonal; se konsa anpil moun tout kote Ozetazini ale sou sit-web maraton an epi yo bay lajan; pi fò lajan sa a sòti nan gwoup kap defann dwa mizilman kap viv Ozetazini. Direktè maraton an, Tarek El-Messidi, di mouvman an genyen yon lòt objektif: se montre piblik la ameriken mizilman yo se moun ki pote gwo kontribisyon bay sosyete a.

XS
SM
MD
LG