Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: Dispozisyon Leta pou Garanti Lapè Piblik Pandan Rès Mwa Desanm nan.


Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Pierre-Richard Casimir, bay yon konferans pou laprès nan jounen madi 8 desanm 2015 la, kote li fè konnen depatman lap dirije a ap travay sou yon plan pou l garanti sekirite popilasyon an nan okazyon 2èm tou eleksyon yo ak fèt fen-dane yo.

Daprè Misye Casimir, an plis 2 motivasyon sa yo, otorite yo genyen lòt rezon pou yo double vijilans pandan rès mwa desanm nan: se le fèt je sitiyasyon politik la kreye yon klima kote fòs sekirite yo ap itilize resous yo o-maksimòm, sitou ak seri manifestayon ak pwotestasyon ki pa sispann dewoule nan peyi a aprè piblikasyon rezilta premye tou eleksyon prezidansysèl yo.

NOUVEL AYITI POU MEKREDI 9 DESANM 2015 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE ak L. DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:19 0:00

Otorite ladwann yo ann Ayiti anonse fòmasyon yon komisyon pou fè limyè sou yon ensidan ki te pase nan vil Cerca La Source, nan Plato Santral la, kote ajan ladwann te tire e touye 2 moun anba bal nan nuit dimanch 6 pou leve lendi 7 desanm 2015 la. Kòm reyaksyon, yon popilas te pran lari, fè manifestasyon epi yo boule biwo ladwann lokal la.

Direktè Jeneral Administrasyon Ladwann nan, Victor H. Saint-Louis, ki abòde dosye a nan jounen madi 8 desanm nan, deklare otorite santral yo pran ensidan o-serye e komisyon an pral mennen ankèt pou l konnen rezon dèt sa k pase a pou evite repetisyon.

XS
SM
MD
LG