Accessibility links

Breaking News

Etazini/Sekirite-Donald Trump Mande pou Tout Etranje Mizilman Rete Lwen Peyi a


Donald Trump, pandan li tap pale nan yon meeting ki dewoule nan Eta Kawolin di Sid, lendi 7 desanm 2015 la.
Donald Trump, pandan li tap pale nan yon meeting ki dewoule nan Eta Kawolin di Sid, lendi 7 desanm 2015 la.

Ozetazini, kandida repibliken pou pòs prezidan an, Donald Trump, mande pou gouvènman an bloke totalman e konplètman tout mizilman etranje pou yo pa antre soui tèritwa ameriken an “jiskaske otorite peyi a va fin pa konprann kisa kap pase konsa a.” Misye Trump, ki tap pale nan Eta Kawolin di Sid, deklare gen sondaj ki montre yon gwo pati nan popilasyon mizilman an atravè lemond gen santiman rayisab kont Lèzetazini.

<< Toutotan nou poko kapab detèmine kisa pwoblèm nan ye epi byen konprann li; toutotan nou pa konprann tou tout menas li poze, peyi nou an pa kapab viktim atak fewòs moun ki kwè sèlman nan lagè relijyon, moun ki pa vle wè sistèm nou an, ki pa renmen sistèm nou an. Se moun yo ki pa genyen okenn sans larezon, ki pa respekte lavi, ki pa gen oken respè pou anyen. >>

Avèk deklarasyon sa a, Donald Trump monte pi wo, li ale pi lwen nan seri diskou li pa sispann fè kont manm relijyon islamik la, e li derefize retire yon lide li te lanse pou l mande enskri sou yon rejis espesyal non tout mizilman kap viv Ozetazini....

Nihad Awad, direktè egzekitif Konsèy pou Relasyon Amerikano-Mizilman, denonse deklarasyon Donald Trump yo. Daprè li, diskou konsa ka pwovoke menas pou sekirite sitwayen ameriken ki mizilman.

<<Deklarasyon Donald Trump yo sanble plis ak pawòl yon lidè gwoup kap lenche moun, olye li reprezante sa gran nasyon nou an ye tout bon. Li-menm ak lòt moun ki pale konsa yo ap travay pou Gwoup Eta Islamik la. Se sa menm gwoup la ap chache menm: se fè ameriken leve youn kont lòt.>>

Deklarasyon Donald Trump yo se reyaksyon kandida repibliken an aprè masak ekstremis islamik te komèt mwa pase a nan vil Pri, an Frans, epi nan Eta Kalifòni semèn pase a.

Sou menm dosye a, koup marye ki te touye 14 moun epi blese 21 lòt nan Eta Kalifòni mèkredi 2 desanm pase a, te pratike egzèsis tire anvan atak la e pandan yon ti tan, yo te sibi lavaj sèvo ki te fè yo tounen fanatik relijyon islamik la, daprè sa FBI fè konnen. Non mesye-dam yo se Sayed Farook -yon ameriken de nesans-- ak madam li Tashfeen Malik ki te fèt nan peyi Pakistan. Pandan yon otorite FBI tap pale ak laprès lendi 7 desanm 2015 la, li deklare anketè yo kontinye chache pou yo konnen konbyen tan Farook ak Malik te pase ap planifye atak la; men yo dekouvri mesye-dam yo te patisipe nan kèk antrènman kote moun aprann tire. Youn nan sesyon antrènman sa yo te dewoule 2 zou 3 jou sèlman anvan yo te komèt masak la nan yon seremoni kote anplwaye gouvènman an tap òganize yon fèt pou selebre fen-dane a.

XS
SM
MD
LG