O Venezuela, Konsèy Elektoral Nasyonal la deklare opozisyon an pran kontwòl palman an avèk yon gwo kokenn viktwa li ranpòte sou pati ki sou pouvwa a, Pati Sosyalis la. Opozisyon an ranpòte 99 syèj sou 167, alòske pati sosyalis la kap dirije peyi a depi 16 zan ranpòte 46 plas sèlman.
Prezidan Nicolas Maduro --ki te ranplase fondatè pati sosyalis la, defen Hugo Chavez-- fè yon diskou nan televisyon nan sware jounen dimanch 6 desanm 2015 la pou l aksepte defèt li. Prezidan Maduro deklare:
“Lè n gade rezilta yo, nou vini isit la ak moral nou byen wo, ak bon jan respè pou etik yo, pou n rekonèt rezilta yo pa bon pou nou. Nou aksepte yo e nap di sitwayen yo nan tout peyi Venezuela: Se konstitisyon nou an, se demokrasi nou an ki triyonfe. Nou aksepte sa. Nou aksepte rezilta yo jan elektè yo bay yo a.”
Daprè analis yo, eleksyon an sete yon referandòm sou politik ekonomik pati sosyalis ansyen Prezidan Hugo Chavez la ak politik siksesè li te desizye pèsonèlman an, an palan de Prezidan Nicolàs Maduro.