Otorite yo te di ke gen omwen 49 prizonye ki mouri e gen 30 lòt ki blese Madi nan yon dife ki te Kòmanse akòz yon tantativ ke prizyone yo ta fè pou chape poul yo soti nan prizon Tulua ki sitiye nan sid peyi a.
Imigran yo ap tann nan diferan vil fwontyè Meksiken tankou Tijuana posibilite pou vinn mande azil Ozetazini. Sa pa gen lontan 3 imigran ayisyen te mouri nan kondisyon diferan nan vil la.
Komisyon k ap ankete sou atak janvye 2021 an sou Kongrè ameriken an, eseye tabli responsablite Trump nan evennman sa a nan depozisyon ki dire 4 semèn. Manm yo tande kèk ansyen wo-plase Depatman Jistis la sou presyon ansyen prezidan an te fè sou yo. Detay ak L. Desmarattes.
Komisyonè Dwamoun Nasyonzini konkli ke jounalis palestinyen-amerikèn Shireen Abu Akleh, ki te mouri 11 me pase a, te tonbe anba kout zam fòs defans Izrayelyen yo, dapre sa yon pòtpawòl fè konnen vandredi.
Avoka gouvènman nan Meksik fè konnen yo jwenn 2 Kanadyen ki mouri ak kout kouto nan vil vakans Playa del Carmen sou kot Karayib la jodi lendi a.
Sekretè Jeneral Komite Òganizatè Koup di mond 2022 a, Hassan Al-Thawadi, ki t ap pale mèkredi, di Kantite tikè ki vann pou match koup di mond yo rive nan yon milyon 200 mil dola apre fen dezyèm faz lavant yo.
Load more