Prezidan KEP a, Pierre-Louis Opont, di enstitisyon an ap pran tout dipozisyon pou 2èm tou prezidansyèl yo dewoule nan dat 27 desanm 2015 la.
Sou pwogram rankont sa a, te genyen lit kont gwoup Eta Islamik la avèk yon mezantant ki pete ant Moskou ak Annkara.
Objektif la se pou patisipan yo aplike obligatwaman desizyon yap pran pou fè fas ak chanjman klimatik yo epi anpeche tanparati planèt tè a monte rive nan yon nivo katastwofik.
: Prezidan François Hollande repete pwomès pou l kraze "lame fanatik avèg" ki te lanse atak teworis ki te touye anpil moun mwa sa a nan vil Pari.
Lapolisarete 4 moun, yo sezi 4 manchèt tandiske yon jounalis blese nan tèt: Se bilan manifestasyon Gwoup 8 kandida a la prezidans yo te lanse nan jounen jedi 26 novanm 2015 la.
Gwoup Eta Islamik la te pran responsablite pou atak an seri ki te fèt nan dat 13 novanm pase a nan vil Pari kote 130 moun te pèdi lavi yo.
Kandida ki kalifye pou yo patisipe nan 2èm tou prezidansyèl yo se Jovenel Moise, kandida PHTK a (pati ki sou pouvw a) avèk kandida LAPEH a, Jude Célestin.
Envite nou, Minis Anviwonnman ayisyen an, Dominique Pierre, ak Agwonòm Talot Bertrand, pale de konsekans chanjman klimatik yo genyen sou anviwonnman peyi d Ayiti.
Prezidan tik la, Recep Tayyip Erdogan, ak kòlèg ris li a, Vladimir Putin, gen opinyon depaman sou ensidan kote aviyasyon militè Latiki te desann yon avyon konba Larisi. Moskou menase pou l pran revanch.
KEP a pibliye rezilta premye tou eleksyon yo malgre opozisyon an ap mande yon re-evalyasyon endepandan pou verifye pwosè vèbal ki te sèvi pou bay rezilta sa yo.
Konsèy Elektoral la ap tann responsab sant tabilasyon an di si wi ou non pwosè vèbal afekte yo kapab enfliyanse klasman ak rezilta definitif premye tou eleksyon prezidansyèl 25 oktòb la
Repibliken yo rejte lide pou Lèzetazini resevwa anviwon 10 mil refujye siryen, tandiske Demokrat yo di peyi a dwe kontinye ouvè pot li pou refijye, menmsi sa mande yon pwosesis konplike pou yo tcheke dosye kriminèl tout moun.
Dapre yon manm KEP a, lwa elektoral la pa prevwa fòmasyon yon komisyon endepandan ki ta kapab tcheke yon 2èm fwa pwosè vèbal ki sèvi pou bay rezilta eleksyon an.
Jean Max Blanc te kòmanse travay kòm korespondan Lavwadlamerik nan lane 1988. Li kite mak li nan Sèvis Kreyòl la kòm yon jounalis modèl ki renmen e respekte pwofesyon li.
Kandida sa yo ensiste sou fòmasyon yon komisyon endepandan pou re-evalye pwosè vèbal eleksyon yo.
Ajan ameriken te mete men sou Efrain Antonio Campo Flores avèk Franqui Francisco Flores de Freitas nan yon otèl nan Potoprens, kapital peyi d Ayiti, madi 10 novanm 2015 la.
Avèk desiyon BCED-Lwès 1 an, kandida ki te konsteste rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl yo gen jiska dimanch pou yo ale devan Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN).
Kandida yo pa gen menm opinyon sou kesyon pou konnen kisa pou gouvènman ameriken an fè ak anviwon 11 milyon imigran ilegal kap viv nan peyi a.
"Veteran's Day a" se jou ameriken yo mete sou kote pou yo rann omaj pou tout fi ak tout gason ki te sèvi nan fòs ame Lèzetazini yo.
Load more