Accessibility links

Breaking News

Etazini/Prezidansyèl : Imigrasyon te nan Sant 4èm Deba Pati Repibliken an


2 nan kandida ki te patisipe nan 4èm deba Pati Repibliken an, Donald Trump ak Ben Carson.
2 nan kandida ki te patisipe nan 4èm deba Pati Repibliken an, Donald Trump ak Ben Carson.

Ozetazini, 4èm deba kandida a la prezidans Pati Repibliken an dewoule nan sware madi 10 novanm 2015 la. Majorite kandida yo pataje lide pou yo ranfòse fwontyè peyi a pandan yo tap abòde tèm tankou imigrasyon, ekonomi ak plas Lèzetazini nan lemond jounen Jodi a. Sepandan, yo pa gen menm opinyon sou kesyon pou konnen kisa pou gouvènman ameriken an fè ak plizyè milyon imigran ilegal kap viv nan peyi a.

Milyadè Donald Trump -ki, an pratik, pataje premye plas la ak doktè-sèvo retrete Ben Carson nan yon nouvo sondaj ki te fèt anvan deba yo- fè konnen Lèzetazini pa gen lòt chwa, eksepte pou l depòte imigran sa yo. Senatè Eta Tegzas Ted Cruz, li-menm, deklare li posib pou Lèzetazini byen akeyi imigran ki legal yo, pandan lap aplike lalwa; paske tout peyi souvren dwe pwoteje fwontyè l yo.

Deba Pati Repibliken an
Deba Pati Repibliken an

Sepandan, kèk lòt kandida pa dakò ak lide sa a; an tèt de lis nou jwenn gouvènè Eta Ohio a, John Kasich, ki di :

"Tout plan pou depòte 11 milyon imigran ilegal, se yon plan ridikil."

Misye Kasich apiye yon pwogram ki ta legalize estati imigran ilegal ki peye yon amand pou yo rete nan peyi a. Ansyen gouvènè Eta Florid a, Jeb Bush, fè konnen si Lèzetazini depòte imigran ilegal yo, sa pral divize fanmi; olye de sa, li pwopoze yon pwogram ki ta ofri imigan yo yon peryòd-tan pou yo legalize sitiyasyon yo.

XS
SM
MD
LG