Accessibility links

Breaking News

Chirepit nan Kongrè Ameriken an sou Dosye Refijye Siryen yo


Refijye
Refijye

Yon gwo polemik politik ap dewoule nan Kongrè Lèzetazini an sou kesyon pou konnen eske Lèzetazini ta dwe resevwa refijye peyi Siri lakay li, aprè atak teworis ki te fèt sou vil Pari vandredi pase a, paske nouvèl yo fè konnen kèk nan atakan yo te enfiltre gwoup refijye siryen ki tap antre sou kontinan ewopeyen an.

Depite ak senatè repibliken yo ap poze kesyon pou yo mande eske gen sajès nan pwopozisyon administrasyon Obama a fè pou peyi a resevwa anviwon 10 mil refijye siryen e yo rejte pwopozisyon an. Bò kote pa yo, palmantè demokrat yo reponn pou yo di Lèzetazini dwe kontinye ouvè pot li pou refujye, menmsi sa mande yon pwosesis konplike pou yo tcheke dosye kriminèl tout refijye.

Sou dosye sa a, pandan Prezidan Barack Obama tap patisipe nan Somè G-20 an nan peyi Tiki nan jounen lendi a, li deklare kategorikman li pa dakò ak lide pou Lèzetazini wete tout sitwayen siryen sou lis refijye ki ka antre Ozetazini. Lidè ameriken an di:

"Nou menm tou, nou dwe sonje anpil nan refijye sa yo se moun ki viktim zak teworis. Se pou sa y ap kouri. Si nou fèmen pòt la nan figi yo, se kòmsi nou ta antere pwòp prensip nap pratike lakay nou."

Militan kap defann koz refijye yo rejte lide pou gouvènman ameriken an te ranfòse pwosesis enspeksyon li itilize pou l tcheke dosye etranje ki deja sou lis pou antre Ozetazini yo. Daprè militan sa yo, Depatman Sekirite Tèritoryal la deja reyalize yon bon jan travay enfòmasyon ak enspeksyon sou moun sa yo, anvan li te ba yo otorizasyon pou yo antre sou tèritwa ameriken an.

XS
SM
MD
LG