Accessibility links

Breaking News

Arestasyon ann Ayiti 2 Manm Fanmi Prezidan Venezuelyen an pou Trafik Dwòg.


Lajistis amerikèn mete nan prizon, san kosyon, 2 manm fanmi Prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro, aprè otorite Lèzetazini yo fin akize yo deske yo tap eseye fè kokayin antre nan kontrebann sou tèritwa ameriken an.

Ajan ameriken te mete men sou Efrain Antonio Campo Flores avèk Franqui Francisco Flores de Freitas nan yon otèl nan Potoprens, kapital peyi d Ayiti, madi 10 novanm 2015 la.

Akize yo, ki se 2 neve premyè dam Venezuela a, konparèt devan yon jij federal nan vil New York nan jounen jedi 12 novanm nan. Otorite yo akize yo deske yo tap eseye fè 800 kilo kokayin antre Ozetazini. Pòtpawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, te reponn yon kesyon sou konsekans afè sa a kapab genyen sou relasyon ant Washington ak Karakas nan yon pwen de près ki dewoule jedi. Misye Earnest deklare:

" Sa m kapab di, sè ke jeneralman Depatmam Lajistis Lèzetazini pran trè zoserye reponsablite li genyen pou l aplike lwa peyi a; e li te kapab travay an kolaborasyon ak kèk peyi atravè tout emisfè a pou fè respekte lwa sa yo."

Kòm reyaksyon Prezidan venezuelyen an Nicolàs Maduro sou devlopman sa a, li sèvi ak kont twitter li pou l di:

"Nasyon Venezyelyèn nan pral kontinye avanse. Ni atak, ni anbiskad enperyalis pap kapab nui peyi Liberatè yo."

Lèzetazini konsidere Venezyela kòm yon gwo peyi-tranzit pou dwòg kap sòti nan Kolonbi pou antre sou tèritwa ameriken an.

XS
SM
MD
LG