Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: BCED Lwès 1an Di Li Enkonpetan pou L Tande Kontestasyon Konsènan Prezidansyèl 25 Oktòb 2915 la


Ann Ayiti, Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal Lwès 1-an deklare li enkonpetan pou l jere dosye kontestasyon 2 kandida ala prezidans te soumèt kont eleksyon 25 prezidansyèl 25 oktòb la. Pati konsène yo gen jiska dimanch 15 novanm nan pou yo pote dosye a devan Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN).

Nouvèl Ayiti pou vandredi 13 novanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:40 0:00
Direct link

Yon lòt kote, 3èm jounen manifestasyon opozisyon an ap dewoule jodi vandredi a pou lidè pati konsène yo ak patizan yo pwoteste kont rezilta pasyèl eleksyon prezidansyèl 25 oktòb la ki, daprè yo, "te chaje ak iregilarite." Òganizatè yo di yo satisfè ak jan 2 premye jou yo te pase, paske pat tèlman gen gwo ensidan. Manifestasyon sa yo ap dewoule nan moman lapolis entèdi popilasyon an mete sou pye brigad vijilans pou pwoteje tèt yo kont bandi k ap simen latèrè nan yon seri katye ozalantou kapital la, Pòtoprens.

Anfen, 4èm konferans Asosyasyon Pwofesyonèl Ayisyen yo ap dewoule nan Miami sòti 12 pou rive 14 novanm 2015 la ak patisipasyon plizyè ansyen Premye Minis ak aktyèl chèf gouvènman ayisyen an, san bliye lòt ofisyèl.

XS
SM
MD
LG