Accessibility links

Breaking News

Vandredi 27 Novanm 2015 : Sa Gen 15 Jou Pari te Anba Atak.


Moun ki te blese nan atak 13 novanm yo nan Pari pandan yo tap tann seremoni an kòmanse devan Moniman Les Invalides nan Pari. (Dat: 27 novanm 2015).
Moun ki te blese nan atak 13 novanm yo nan Pari pandan yo tap tann seremoni an kòmanse devan Moniman Les Invalides nan Pari. (Dat: 27 novanm 2015).

Prezidan fransè a, François Hollande, pwomèt jodi vandredi a pou l kraze "lame fanatik avèg" ki te lanse atak teworis ki te touye anpil moun mwa sa a nan vil Pari, kapital Lafrans, nan moman li tap prezide yon seremoni an memwa viktim yo -seremoni radyo ak televizyon retransmèt atravè tout peyi a.

Komemorasyon sa a, ki dewoule nan Momiman Nasyonal Envalid yo, te kòmanse avek lekti non ak laj 130 moun ki te pèdi lavi yo nan atak sa yo. Gwoup Eta Islamik la reklame responsablite pou atak sa yo ki te fèt sa gen 15 jou, jou pou jou, vandredi 27 novanm nan.

Vrèman vre sa gen 2 semèn depi militan Gwoup Eta Islamik la te ouvè koutzam epi fè eksplozif sote sou viktim inosan plizyè kote an Frans-- pami yo te gen yon sal kote yo konn fè konsè. Pami moun ki te asiste seremoni vandredi a te gen plizyè gwo lidè fransè ak fanmiy viktim yo plis plizyè santèn moun ki te blese nan sa fransè yo konsidere kòm atak teworis ki pi malouk ki frape peyi yo.

XS
SM
MD
LG