Accessibility links

Breaking News

Patisipasyon Ayiti nan 21èm Konferans Nasyon Zini sou Chanjman Klimatik yo nan Pari, an Frans.


Atis ameriken Shepard Fairey fèk konstrui aparèy sa a ki rele 'Earth Crisis,' oubyen "Kriz Latè" e ki montre menas kap peze sou Planèt Tè a. Li gen ladan n 2 gwo glòb terès ki pandye ant 2 etaj Tou Eiffel la nan vil Pari (dat 20 novanm 2015) kèk jou anvan kòmansman konferans Nasyon Zini an.
Atis ameriken Shepard Fairey fèk konstrui aparèy sa a ki rele 'Earth Crisis,' oubyen "Kriz Latè" e ki montre menas kap peze sou Planèt Tè a. Li gen ladan n 2 gwo glòb terès ki pandye ant 2 etaj Tou Eiffel la nan vil Pari (dat 20 novanm 2015) kèk jou anvan kòmansman konferans Nasyon Zini an.

Lit kont chanjman klimatik yo ak angajman dirijan peyi yo pran pou yo redui kantite emisyon gaz ki pwovoke rechofman planèt la, se 2 pami pi gwo pwen reprezantan pati siyatè yo pral debat nan konferans Pari a kap kòmanse nan dat 30 novanm pou l pran fen nan dat 11 desanm 2015. Patisipan yo rele konferans sa a COP21 (Konferans Pari No. 21).

(NB.-Klike sou lyen ki vini apre a pou w koute yon repòtaj espesyal)

Repòtaj Espesyal sou Konferans Pari sou Chanjman Klimatik yo - Prezantasyon: J.P. Leroy.
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:33 0:00

Nan konsiderasyon Lavwadlamerik ap fè sou enpòtans konferans sa a, li pwofite jete yon kout-je sou efè chanjman klimatik yo genyen sou peyi d Ayiti avèk, antwòt, Minis anviwonman ayisyen an, Dominique Pierre, ak Agwonòm Talot Bertrand. Minis Dominique se youn nan ofisyèl ki pral akonpaye Prezidan Michel Martelly nan konferans sa a.

------------------------------------------------------------------

Konferans Pari / Reyalite ak Objektif

Kèk aktivite ap dewoule nan kapital Lafrans la nan kad òganizasyon 21èm Konferans Nasyon Zini sou chanjman klimatik yo. Objektif la se pou delege 190 peyi ki pral patisipe nan deba yo, rive jwenn yon akò inivèsèl --aplikab obligatwaman pou tout peyi siyatè-- sou efò ki nesesè pou lite kont chanjman klimatik yo, 20 tan aprè negosyasyon ki te fèt nan sans sa a te echwe. Daprè yon etid ki fèk parèt, anpil peyi mete yo dakò pou yo di li nesesè pou lemond fè pwogrè nan domèn agrikilti a si lòm ta renmen konbat tout bon fenomèn tanparati ki pa sispann monte sou planèt la.

Oganizasyon ki te reyalize etid la se CGIAR (abreje anglè pou : Patnèship Mondyal pou Rechèch Agrikòl). Daprè etid la, anpil peyi genyen lakay yo sa yon teknisyen rele «yon gwo kokenn nesesite pou yo jwenn asistans teknik ak finansman ki ka ede yo devlope estrateji sou adaptasyon ki pote chanjman pozitif nan pwodiksyon agrikòl yo. » Doktè Bruce Campbell se direktè pwogram lit kont chanjman klimatik, pwodiksyon agrikòl ak sekirite alimantè nan CGIAR. Daprè li, Somè Pari a genyen yon gwo konenn chenn enpòtans.

« Konferans sa a sou chanjman klimatik yo se petèt youn nan konferans ki pi enpòtan nan domèn lit kont monte tanperati yo, paske se li ki pral tabli antant peyi yo ap jwenn pou fè fas ak chanjman sa yo pandan 2 zou 3 dizèn dane kap vini yo. »

Puiske negosyasyon sou chanjman klimatik yo te echwe plizyè fwa deja, Doktè Campbell vini ak konsèy pou patisipan nan Konferans Pari a jwenn yon akò finalman :

  1. Se pou peyi yo pran angajman solid pou yo poze bon jan aksyon pou yo konbat emisyon gaz kap pwovoke rechofman planèt la;
  2. Se pou peyi yo envesti tout lajan ki nesesè pou aplike chanjman ki nesesè yo, paske lemond deja rive lwen sou wout kap debouche sou ogmantasyon tanperati yo ak chanjman klimatik yo.

Aprè Doktè Campbell fin bay konsèy sa yo, li poze kesyon pou l mande : «Ki kote apui pral sòti pou kore aplikasyon nouvo plan Konferans Pari a pral pwopoze yo ? » E li reponn pou l di : « Jiskaprezan pa tèlman gen pwogrè nan efò pou apiye chanjman ki nesesè yo. »

Doktè Campbell ak kèk lòt espesyalis lanse lide tou pou dirijan peyi yo konbine metòd modèn ak tradisyonèl pou yo fè previzyon sou chanjman klimatik yo epi voye enfòmasyon sa yo bay fèmye yo (agrikiltè ak elvè) atravè telefòn mobil ak pwogram radyo. Konferans Pari sou Chanjman Klimatik yo pral kòmanse nan dat 30 novanm nan e lap fini nan dat 11 desanm 2015 .

XS
SM
MD
LG