Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Politik: Rankont Ofisyèl KEP yo ak 6 Kandida ki Mande yon Evalyasyon Endepandan Rezilta Eleksyon yo


Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ap rankontre, nan jounen lendi 16 novanm nan, ak regwoupman kandida k ap mande fòmasyon yon komisyon endepandan pou verifye pwosè vèbal rezilta eleksyon prezidansyèl 25 oktòb la. Konseye elektoral Pierre Manigat Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di nou KEP a kapab pran yon desizyon lè l va fin rankontre ak kandida kontestatè yo. Misye Manigat ajoute Biwo Kontestasyon Elektoral Nasyonal la (BCEN) ap kòmanse tande dosye 2 kandida alaprezidans ki te konteste rezilta eleksyon 25 oktòb la apre Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal la (BCED) te deklare li enkonpetan pou l pran yon desizyon sou afè a. Divès lidè opozisyon an deja òganize plizyè manifestasyon pou yo pwoteste kont rezilta prezidansyèl yo di, daprè yo, te chaje ak iregilarite.

Nouvèl Ayiti pou lendi 16 novanm 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:25 0:00
Direct link

Katriyèm (4èm) Kongrè Pwofesyonèl Ayisyen yo fini nan Miami nan fen jounen samdi 14 novanm nan ak patisipasyon plizyè ansyen Premye Minis ayisyen , aktyèl Premye Minis la, Evans Paul, ak kèk ofisyèl etranje. Kowòdonatè espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, kwè peyi d Ayiti kapab benefisye de konesans pwofesyonèl ayisyen kap viv nan Dyaspora a. Bò kote pa l, Premye Minis Evans Paul prezante konpliman li bay oganizatè rankont la ki, daprè li, kapab kontribye nan avansman nasyon ayisyèn nan.

Anfen, ansyen korespondan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan Pòtoprens, Jean Max Blanc, mouri ann Ayiti nan jounen vandredi 13 novanm 2015 la. Nou va bay detay sou aranjman fineray la lè yo va disponib.

XS
SM
MD
LG