Kandida PHTK a, Jovenel Moise, te prezan nan seyans sou kontestasyon rezilta eleksyon yo kontrèman ak kandida Pati LAPEH a, Jude Celestin, ak kandida Pati Pitit Desalin nan, Moise Jean Charles.
Aung San Suu Kyi, lidè pati opozisoyn an, Lig Nasyonal pou Demokrasi a, di li gen konfyans pati a pral ranpòte yon viktwa istorik nan eleksyon yo.
Rezilta preliminè eleksyon lejislatif yo montre pa gen yon pati politik kap gen yon majorite solid nan palman an, menm si PHTK, pati ki sou pouvwa a, ap gen 15 depite pou pipiti.
Kandida ki pa dakò rezilta eleksyon an gen 72è pou ale devan tribinal elektoral avan piblkasyon definitif premye tou a.
Sondaj sa a montre Misye Trump avèk 24 pou san to popilarite pami elektè repibliken yo, tandiske Doktè Carson gen 23 pou san. Nan kan demokrat la, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton devan Senatè Bernie Sanders avèk 53% kont 35 %.
Otorite ayisyen yo mande popilasyon an kontinye mennen aktivite li san kè-sote kèlkeswa rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl yo.
Pati Liberal la -pati nouvo chèf gouvènman an- te ranpòte yon gwo kokenn viktwa nan eleksyon lejislatif mwa pase a kote pati a te ranpòte 148 syèj nan palman an, tandiske pati ki te sou pouvwa --Pati Konsèvatè a-- te ranpòte 99 sèlman.
Konsèy Elektoral la di l ap pibliye rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl yo jedi, malgre yon gwoup kandida mande yon ankèt endepandan sou sa yo rele "magouy" ki ta genyen pandan jounen 25 oktòb 2015 la.
"Gen twòp repòtè atravè lemond kap fè fas ak yon nivo menas ak vyolans moun pat janm wè anvan.” Elizabeth Trudeau, responsab relasyon ak laprès nan Depatman Deta a.
KEP a pwomèt lap pibliye rezilta preliminè prezidansyèl 25 oktòb yo jedi 5 novanm apre sant tabilasyon an va fin mennen ankèt sou plent pati ak kandida yo te pote kont swadizan magouy ki, daprè yo, te genyen pandan jounen elektoral la
Kòm nouvo prezidan Lachanm, Depite Ryan tounen youn nan pi gwo otorite ki genyen nan Washington : aprè Vis Prezidan an, li se 2èm ofisyèl ameriken ki ka ranplase Prezidan Lèzetazini an si li pa kapab ranpli fonksyon l.
RNDDH denonse group obsèvasyon elektoral, UNADA, li di ki siyen pwosè vèbal malgre KEP a te ekspilse l nan pwosesis elektoral la pou magouy
Anviwon 800 anplwaye ap travay pou rezilta eleksyon yo pibliye jan kalandriye elektoral prevwa l
Misye Merten fè konpliman pou pèp ayisyen an, pou gouvènman an, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou yon travay anpil sektè konsidere kòm yon siksè.
Kandida plizyè pati politik deklare nan laprès se yo ki ranpòte laviktwa, dapre enfòmasyon yo resevwa nan men sant kote depouyman bilten yo ap dewoule.
Deba sa yo pral fèt nan moman kandida ki pase lontan nan tèt sondaj yo, Donald Trump, kòmanse febli devan avans kandida Ben Carson ki pran devan li nan kèk sondaj.
Dapre yon responsab nan sant tabilasyon elektoral la nan Pòtoprens, responsab yo pral kòmanse sezi done depouyman yo apre yo va fin verifye si pa gen erè nan operasyon dekont la.
Justin Trudeau ap tounen pwochen Premye Minis kadanyen aprè gwo viktwa Pati Liberal la nan eleksyon lejislativ ki dewoule nan jounen lendi 19 oktòb la.
KEP a di se pa gwoup sèlman l ap aksepte mandatè pati yo andedan biwodvòt yo kote yo dwe prezante depi 6 zè di maten jou eleksyon an
Plizyè dizèn lòt moun kouri kite site a. Zak vyolans sa yo pete nan moman Ayiti ap pare pou dewoulman eleksyon prezidansyèl, lejislatif ak lokal yo dimanch 25 oktòb 2015 la.
Load more