Manda MINUSTAH a renouvle sou rekòmandasyon Sekretè Jeneral Nasyonini nan moman peyi a ap pare pou òganize eleksyon 25 oktòb 2015 la.
Kamwoun se youn nan peyi ki antre nan yon aksyon rejyonal konjwen pou konbat Boko Haram, kap eseye tabli yon eta islamik nan pati nò peyi Nijerya.
Gouvènman ayisyen an di Polis Nasyonal la gen misyon pou l garanti sekirite piblik la pandan dewoulman eleksyon 25 oktòb 2015 la
Prezidan 2 peyi yo --ki diskite sou 6 pwen ki konsènen relasyon yo, tankou rapò diplomatik yo, komès epi aktive komisyon miks ayisyano-dominiken an-- gen pou yo rankontre ankò nan 2 semèn.
Yon branch nan opozisyon an deja ap pran konsak ak plizyè sektè pou mete sou pye yon gouvènman tranzisyon pou òganize pwochen eleksyon yo.
Si gen moun ki panse « dekouvèt » la se yon rezon fyète, genyen ki kwè arive Ewopeyen yo nan sa ki rele "nouvo mond la" sete kòmansman anpil mizè pou pèp endijèn yo.
Lidè Sosyete Sivil la di yo pè pou dezòd ki te genyen nan eleksyon lejislatif 9 out pase a pa repete pandan prezidansyèl 25 oktòb 2015 la.
Komite Pri Nobèl la nan vil Oslo rekonpanse "Kwatyor Tinizyen pou yon Dyalòg Nasyonal" pou efò li fè pou kore nan Tinizi demokratizasyon ki te swiv Prentan Arab la.
Sekretè Jeneral Oganizasyon Trete Atlantik Nò a, Jens Stoltenberg, ak Minis Defans ameriken an, Ash Carter, di entèvansyon lame ris la nan Siri bay preokipasyon.
Avoka Andre Michel, youn nan lidè Pati Espas Rezistans Patriyotik, pa pataje pozisyon Misye Kerry ki swete eleksyon yo dewoule nan dat 25 oktòb la. Mèt Michel di: "Sa pral pote plis enstabilite nan peyi a."
Chèf diplomasi amerikèn nan kwè pwochen prezidan an dwe sòti nan eleksyon ki dewoule san vyolans ni entimidasyon nan dat 25 oktòb la, dapre kalandriye elektoral la
Chèf diplomasi amerikèn nan gen pou l rankontre, anwòt, ak Prezidan Michel Martelly e ak manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou chiti-tande ki pral santre sou pwochen eleksyon yo.
Prezidan Martelly konsidere eleksyon lejislatif 9 out 2015 la kòm yon pa an avan sou wout konsolidasyon demokrasi ann Ayiti.
Nan Larisi, chanm wòt palman an apwouve yon demand Prezidan Vladimir Putin pou gouvènman an voye èd militè bay prezidan siryen an, Bashar al-Assad.
Daprè yon dirijan sosyete sivil la, piblikasyon rezilta yo san KEP a pa anonse sanksyon kont responsab dezòd ki te make jounen 9 Out la, kapab gen move konsekans sou pwochen eleksyon yo.
Sou-Sekretè Deta Richard Stengel site temwayaj jenn gason ak jenn fi ki sòti nan Irak ak Siri ki di: « Gwoup Eta Islamik la se yon mit; li abize nou; li pa nan afè relijyon vrè e sèl sa ki enterese li, se lajan... »
Dapre rezilta yo, eleksyon yo ap refèt pou senatè ak depite nan plizyè sikonskripsyon elektoral kote te gen dezòd pandan premye tou lejislatif yo nan jounen 9 out pase a.
Nan fèmti somè l'ONU sou Devlopman Dirab la dimanch, Misye Obama te deklare lòm gen anpil travay pou l fè toujou anvan pou l elimine lamizè ekstrèm nan lemond.
Fòs de lòd espere operasyon sa yo ap ede diminye vyolans pandan kanpay elektoral la
Pap la lanse apèl bay prezidan, premye minis ak lòt diyitè yo pou yo jwe yon wòl lidèchip nan rechèch solisyon pou gwo pwoblèm mondyal yo.
Load more