Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon Sosyete Sivil la Apre Piblikasyon Rezilta Lejislativ yo


Ann Ayiti, lidè Sosyete Sivil la di yo gen kè-sote apre Konsèy Elektoral Pwovizwa a fin pibliye rezilta premye tou eleksyon lejislatif yo san li pa anonse sanksyon kont anplwaye KEP a ak lòt moun ki te mele nan dezòd pandan jounen elektoral 9 out pase a. Pastè Edouard Paultre, dirijan Konsèy Aktè Non-Etatik yo (KONANE), di mank transparans nan fason KEP a ap fonksyone kapab fè kandida k ap sòti nan eleksyon sa yo manke kredibilite ak lejitimite. Misye Paultre site kòm ezanp le fèt ke KEP a deklare 2 senatè (youn nan Lwès ak lòt la nan Latibonit) venkè alòske eleksyon yo pa konplè nan 2 depatman sa yo nenm jan ak lòt rejyon kote yo pral refèt nan peyi a.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 30 septanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:54 0:00
Direct link

Yon lot kote, daprè divès sektè ann Ayiti, pèp la twouve li nan gwo dilèm pou l chwazi pwochen dirijan peyi a nan eleksyon ki fikse pou 25 oktòb 2015 la akoz gwo kantite kandida ki prale dèyè plas prezidan an. Korespondan nou nan vil Jakmèl, Eveline Adonis, di nou yon otorite relijye mande ayisyen yo chwazi lidè ki, daprè yo, kapab pote bon jan chanjman nan peyi a.

XS
SM
MD
LG