Prezidan Michel Martelly pran angajman pou l remèt pouvwa a nan dat 7 fevriye 2016 bay pwochen prezidan kap sòti nan eleksyon 25 oktòb y2015 yo. Chèf deta ayisyen an fè deklarasyon sa a nan yon konferans pou laprès li bay ansanm avèk Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ki vizite Ayiti nan fen jounen madi 6 oktòb la.
Chèf diplomasi amerikèn nan, bò kote pa l, mande otorite ayisyen yo bay bon jan garanti eleksyon yo pral dewoule san vyolans ni entimidasyon. Misye Kerry fè konnen sèl gouvènman Lèzetazini ap apiye se youn ki va sòti nan eleksyon lib, onèt e demokratik.
Yon lòt kote, lidè Pati Fusion Socio-Democrates yo, Edmonde Supplice-Beauzile, ki se yon kandida a la prezidans, pa pataje pozisyon Sekretè Deta Ameriken an John Kerry pran lè li apiye kalandriye ki prevwa dewoulman eleksyon yo nan dat 25 oktòb 2015 la. Ansyen Senatris Plato Santral la di etranje pa kapab deside pou pèp ayisyen an e li pa kwè popilasyon an ap sòti al vote si eleksyon yo fèt nan jounen 25 oktòb la.
Anfen, yon misyon obsèvasyon 22 manm Inyon Ewòp la kòmanse al pran pozisyon nan 10 depatman jewografik peyi Dayiti depi madi 6 Oktob 2015 la pou yo swiv dewoulman pwochen eleksyon yo. Korespondan nou Orpha Dessources di nou aktivite sa a antre nan kad objektif kominote entènasyonal la genyen pou l obsève e analize aboutisman pwosesis elektoral la.