Sekretè Deta Ameriken, John Kerry, ki te vizite Ayiti madi 6 oktòb la, retounen Washington avèk garanti otorite Ayisyen yo ba li eleksyon yo pral dewoule nan peyi a san vyolans ni entimidasyon e nan dat kalandriye a prevwa a, swa 25 oktob 2015 la. Nap raple pandan sejou chèf diplomasi amerikèn nan nan Pòtoprens, li te bay ansanm avèk Prezidan Michel Martelly, yon konferans pou laprès kote li fè konnen sèl gouvènman Lèzetazini ap apiye, se yon gouvènman ki va sòti nan "yon eleksyon lib, transparan e demokratik." Mesye Kerry envite elektè ayisyen yo al fè devwa sivik yo nan jounen eleksyon an.
Bò kote pa l, mèt André Michel, youn nan dirijan Espas Rezistans Patriyotik la, kontinye egzije fòmasyon yon gouvènman tranzisyon ann Ayiti malgre deklarasyon Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè pou l di Lèzetazini pap rekonèt okenn gouvènman tranzisyon. Daprè Mèt Michel, pral gen plis enstabilite politik nan peyi a si eleksyon yo dewoule nan dat 25 oktòb la.
Anfen, Enstiti Enternational pou Demokrasi ak Asistans Elektoral (IDEA) òganize yon rankont sou yon dokiman ki gen pou tit "Relasyon ant Pati Politik ak Palmantè" e ki idantifye pwoblèm ki toujou egziste ant aktè sa yo nan yon pwosesis elektoral. Espesyalis ki te patisipe nan preparasyon dokiman sa a, ki te jwenn konkou Inyon Ewòp la, fè divès rekòmandasyon pou amelyore sistèm nan ann Ayiti, daprè direktris pwogram IDEA nan peyi a, Marie Laurence Jocelyn Lassegue. Bò kote pa li, reprezantan Inyon Ewòp la ann Ayiti, Raphael Brigandy, fè konpliman pou travay gwoup la reyalize a.