Prezidan Michel Martelly inogire, nan jounen mèkredi 14 oktòb 2015 la, yon nouvo batiman ki pral loje Kò Entèvansyon Mentyen de Lòd la (CIMO) . Dapre dirijan yo, konstriksyon batiman an koute 4 milyon 200 mil dola. Bò kote pa l, Premye Minis Evans Paul di gouvènman an pran tout dispozisyon pou l garanti sekirite popilasyon an pandan dewoulman eleksyon prezidansyèl yo nan jounen 25 oktòb pwochen. Misye Paul, ki t ap patisipe tou nan inogirasyon nouvo lokal CIMO a, fè konnen otorite yo ap mete a dispozisyon polis nasyonal la mwayen pou l fè travay la kòmsadwa.
Yon lòt kote, Universite Royal d’Haiti pibliye, mèkredi 14 oktòb la, premye sondaj sou eleksyon prezidansyèl yo li reyalize pandan 6 mwa ki pase yo ak patisipasyon 600 mil etidyan --swa 10 pou 100 moun ki enskri nan rejis elektoral la. Epi IDEA-International, an kolaborasyon avèk Espas Jèn nan OCAPH, òganize yon jounen refleksyon pou sansibilize e mobilize plis jèn patisipe nan pwochèn eleksyon yo,
Anfen, Minis Kominikasyon ayisyen an, Mario Dupuy, prezante 6 rezolisyon ki sòti nan rankont Prezidan Michel Martelly te genyen ak kolèg dominiken li a, Danilo Medina, nan jounen madi 13 oktòb la nan vil Barahona, an Repiblik Dominikèn. Minis Dupuy konfime 2 chèf deta yo gen pou fè yon lòt rankont nan 2 semèn, fwa sa a ann Ayiti, pou yo jwenn yon solisyon pou pwoblèm ki poze nan domèn echanj komèsyal kap fèt ant 2 peyi yo.