Accessibility links

Breaking News

Ayiti-ONU: Konsèy Sekirite Nasyonzini an Pwolonje Manda Misyon MINUSTAH a pou Yon Lòt Ane.


Solda MINUSTAH kap transpòte yon blese
Solda MINUSTAH kap transpòte yon blese

Chèf sivil MINUSTAH a ann Ayiti e reprezantan Sekretè Jeneral l'ONU an nan peyi a, Sandra Honoré, anonse Konsèy Sekirite Nasyonzini an renouvle pou yon lòt ane manda misyon an ann Ayiti. Madan Honoré pwofite okazyon an pou l mande gouvènman Martelly-Paul la kreye yon klima ki favorab pou eleksyon yo byen dewoule pandan jounen dimanch 25 oktòb k ap vini la a. Elektè ayisyen yo pral vote pou yo chwazi yon nouvo Prezidan de la Repiblik, 2/3 Sena a, tout manm Chanm Bas la, ak otorite lokal yo.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 16 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:13 0:00
Direct link

Yon ti kras plis pase yon semèn avan dewoulman eleksyon yo ann Ayiti, otorite yo ak òganizasyon nan sosyete sivil la kòmanse yon seri atelye fòmasyon pou wè si sa kapab ogmante to patisipasyon an konparativman ak jan sa te pase nan premye tou eleksyon lejislatif yo nan dat 9 out pase a. Korespondan nou nan vil Hench, Josué Joseph -ki ban nou detay sou nouvèl sa a, di nou tou responsab Konsèy Elektoral la fè kèk chanjman nan pèsonèl la nan nivo Depatman Sant la.

Yon lòt kote, pwofesè Sauveur Pierre Etienne, kandida alaprezidans pati politik Oganizasyon Pèp kap Lite (OPL) fè konnen gen 5 kandida pou pòs prezidan ann Ayiti ki sanble ta aksepte lajan nan men politisyen ak òm dafè dominiken pou yo mennen kanpay yo. Msye Pierre-Etienne, ki se sekretè jeneral OPL, atire atansyon elektora a sou sitiyasyon sa a e li mande votan yo rete veyatif.

Anfen, Minis Ekonomi ak Finans ayisyen an, Wilson Laleau, fè konnen pa gen ogmantasyon taks sou paspò ak lisans chofè kontrèman ak enfòmasyon ki fè kwè Leta ogmante taks sou kèk sevis lap ofri piblik la. Minis la raple popilasyon an li nòmal pou tout ayisyen fè devwa sivil yo kòm kontribyab pou sèvis y ap resevwa.

XS
SM
MD
LG