Accessibility links

Breaking News

Apui Militè Lèzetazini pou Lit Kont Boko Haram nan Kamwoum.


ቦኮ ሓራም
ቦኮ ሓራም

Sou lòd Prezidan Barack Obama, lame amerikèn voye pèsonèl li nan peyi Kamwoun kote avyon militè ameriken pral mennen operasyon siveyans kont aktivite gwoup Boko Haram nan. Pòtpawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, fè konnen se gouvènman kamwounè a ki te envite Lèzetazini patisipe nan yon efò entènasyonal pou bloke pwogrè gwoup ekstremis vyolan sa a nan rejyon Afrik de Lwès la. Misye Earnest di:

"Pou n pale klè sou twoup militè ameriken ki ale nan peyi Kamwoun yo, ann di yo amé ; men yo amé tou senpleman pou yo aji kòm yon fòs pwoteksyon epi pou yo defann tèt yo. Yo pa laba a pou yo patisipe nan konba."

Daprè yon rapò Depatman Deta ameriken an fèk pibliye, zak Boko Haram ak kèk lòt gwoup ekstremis poze reprezante yon menas dirab pou libète relijyon. Sekretè Deta John Kerry bay detay sa yo:

"Sa ki bay plis pwoblèm toujou, se monte gwoup teworis entènasyonal yo -tankou Gwoup Eta Islamik la, al-Kayda, al-Shabab, ak Boko Haram. Yo tout komèt zak vyolans mechan san moun pa pwovoke yo. Yo bay moun ki tonbe anba men yo 3 chwa: se swa yo konvèti, swa gwoup ekstremis yo mete yo nan lesklavaj, oubyen yo touye yo."

Kamwoun se youn nan peyi ki antre nan yon aksyon rejyonal konjwen pou konbat Boko Haram, kap eseye tabli yon eta islamik nan pati nò peyi Nijerya. Daprè yon otorite wo-plase nan Pentagòn nan --kidonk, depatman Defans Lèzetazini an-- twoup militè ameriken yo pral rete nan Kamwoun toutotan prezans yo va nesesè.

XS
SM
MD
LG