Nan peyi Dayiti, kèk gwoup nan sosyete sivil la gen preokipasyon devan posibilite pou eleksyon prezidansyèl 25 oktòb pwochen an ta genyen menm kalite pwoblèm ki te poze nan premye tou lejislativ yo nan dat 9 out pase a.
Yon lòt kote, mwens pase 2 semèn avan dewoulman eleksyon 25 oktòb yo, reyaksyon kontinye tonbe sou deklarasyon Sekretè Deta Ameriken, John Kerry, te fè pandan yon vizit ann Ayiti nan fen jounen madi 6 oktòb pase a. Mesye Kerry te lanse apèl bay otorite Ayisyen yo pou l mande yo garanti ke eleksyon yo ap dewoule san vyolans ni entimidasyon e nan dat kalandriye elektoral la prevwa a. Sepandan, sa pa anpeche kèk lidè politik kontinye pwononse yo anfavè yon gouvènman tranzisyon. Pami yo genyen Prezidan Pati Fuzion Socio Demokrat yo, ansyèn senatris Edmonde Supplice Beauzile --ki se yon kandida a la prezidans anba banyè Fuzyon Sosyo Demokrat yo--- avèk ansyen kandida a la prezidans André Michel.
Anfen, yon delegasyon Polis Nasyonal la vizite depatman nòdwès peyi a pou sansibilize ajan PNH yo sou nesesite pou garanti sekirite eleksyon 25 oktòb la. Korespondan nou nan Pò de Pè, Dieuseul Junior Louis, di nou otorite PNH yo fè vizit sa a apre group dwazimen yo ak obsèvatè elektoral yo te denonse kèk anjan polis deske yo te rete endiferan jou eleksyon 9 Out pase a nan pandan kèk sitwayen ak dirijan kèk pati politik pwòch pouvwa an plas la tap fè dezòd nan biwodvòt yo.