Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Plizyè Pati Kriye Viktwa - Men Sispenns la ap Kontinye


Depouyman Bilten nan yon Sant Vòt
Depouyman Bilten nan yon Sant Vòt

Yon gwoup kandida a la prezidans ak pati politik rankontre laprès nan jounen madi 27oktòb 2015 la. Yo chak di se li-menm ki ranpòte eleksyon dimanch 25 oktòb la, malgre gen nan yo ki denonse sa yo konsidere kòm iregilarite ki te genyen nan oprerasyon elektoral la.

Youn nan pati ki kriye la viktwa yo, se Pati Fanmi Lavalas ki di li ranpòte eleksyon prezidansèl yo depi nan premye tou a. Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la, Jacquelin Bélizaire, di deklarasyon konsa kontrè ak lwa elektoral la ki entèdi pati, kandida, ak gwoup obsèvatè elektoral yo bay rezilta eleksyon yo anvan Konsèy Elektoral Pwovizwa a KEP) pou evite konfizyon nan mitan popilasyon an.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 28 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:44 0:00
Direct link

Anfen, kèk gwoup obsèvatè elektoral ayisyen mande KEP a bay detay sou fason y ap antre done nan sant tabilasyon an epi presize ki kantite kat otorite yo te bay obsèvatè elektoral yo. Gwoup yo fè demand sa a nan moman Sant Tabilasyon an kòmanse fè sezi done yo pou Konsèy Elektoral la kapab pibliye rezilta ofisyèl yo disi 3 Novanm, jan kalandriye elektoral la prevwa sa a.

XS
SM
MD
LG