Accessibility links

Breaking News

Justin Trudeau Ap Prete Sèman kòm Nouvo Premye Minis Peyi Kanada


Justin Trudeau, chèf Pati Liberal kanadyen an - Nouvo Premye Minis
Justin Trudeau, chèf Pati Liberal kanadyen an - Nouvo Premye Minis

O Kanada, Justin Trudeau, pitit defen Premye Minis Pierre Elliott Trudeau, ap prete sèman mèkredi 4 novanm 2015 la kòm nouvo chèf gouvènman nan Ottawa. Misye Trudeau pwomèt li pral bay Kanada yon gouvènman kap diferan de sa li te genyen pandan 10 zan ki pase yo avèk Premye Minis Stephen Harper.

Nouvo chèf gouvènman an -ki genyen 43 zan--- te pèmèt pati liberal la ranpòte yon gwo kokenn viktwa nan eleksyon lejislatif ki te dewoule mwa pase a kote pati a te ranpòte 148 syèj nan palman an, tandiske pati ki te sou pouvwa --Pati Konsèvatè a-- genyen 99 plas sèlman. Yon ti moman aprè Misye Trudeau va fin prete sèman, obsèvatè yo atann yo aske li anonse fòmasyon kabinè li a kote, pou la premye fwa, Kanada pral gen yon gouvènman kap genyen 50 pou san gason e 50 pou san fanm.

Byen ta nan jounen madi a, nouvo Premye Minis la pibliye yon lèt kote li anonse premye aksyon li pral poze kòm chèf gouvènman, se soumèt devan palman an yon pwojè-lwa kap koupe taks klas mwayèn nan ap peye Leta kanadyen.

XS
SM
MD
LG