Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon Palmantè: Pa Sanble ap Gen Yon Majorite Klè nan Palman an


Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye rezilta pasyèl 2èm tou eleksyon pou pòs depite ak senatè ak rezilta premye tou lejislativ yo pou sikonskripsyon kote eleksyon an te anile. Dapre rezilta pasyèl yo, li pa sanble yon pati politik kèlkonk ap gen yon majorite klè nan youn nan 2 chanm yo. KEP a pibliye rezilta sa yo kèk jou apre piblikasyon rezilta pasyèl prezidansyèl yo ki montre yon 2èm tou pral mete fas-a-fas Jovenel Moise, kandida PHTKH a (pati ki sou pouvwa a) ak kandida pati LAPEH a, Jude Celestin. Medya yo ann Ayiti rapòte kominote entènasyonal la apiye lide pou yon 2èm tou prezidansyèl, dapre rezilta preliminè yo.

Plizyè lidè ak pati politik rejte rezilta eleksyon prezidansyèl pasyèl yo. Yo menm ak kandida yo gen 3 jou, a-pati de dat piblikasyon an, pou yo ale devan tribinal elektoral KEP a --yon delè ki fin pase dimanch la. Daprè Wally Désence -direktè BED 1 nan Pòtoprens- se sèlman 2 kandida a a prezidans ki te konteste rezitla eleksyon yo: Doktè Maryse Narcisse (Pati Fanmi Lavalas) avèk Vilaire Cluny Duroseau (Pati MEKSEPA). Delè pou soumèt kontestasyon konsènan eleksyon lejislativ yo ap bout mèkredi 11 novanm nan a 3 zè PM.

Nouvèl Ayiti pou lendi 9 novanm 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:10 0:00
Direct link

Nan pati sid peyi d Ayiti, patizan kandida ak reprezantan pati politik yo gen opinyon diferan sou rezilta pasyèl eleksyon lejislatif ak prezidansyel yo. Korespondan nou nan vil Okay, Jean Hernst Eliscar, di nou nan jounen dimanch 8 Novanm nan, patizan kèk kandida ki venkè nan eleksyon lejislativ yo te pran lari pou yo manifeste kontantman yo, alòske patizan pèdan yo konsidere eleksyon an kòm yon maskarad. Nan Depatman Sidès la, elektè yo pa vote fwa sa a anfavè 2 frè ki te vle retounen nan Sena de la Repiblik la: Joseph ak Wencessclass Lambert.

Yon lòt kote, Premye Minis Evans Paul anonse ekip li a deside anile ogmantasyon taks gouvènman an te anonse sou yon seri sèvis Leta ofri: tankou tenb paspò, lisans ak matrikil fiscal. Se konsa tou otorite yo rantre dekrè ki te akòde yon idemnite 2 milyon 500 mil goud pou Minis yo, epi 2 milyon goud pou Sekretè Deta yo. Daprè sa korespondan nou Orpha Dessources di nou, malgre desizyon gouvènman an pran yo, sektè sendikal la kenbe yon modòd kote li te deja pwograme 2 jou grèv pou pwoteste kont ogmantasyon taks yo ak endemnite yo. Dapre korespondan nou Renan Toussaint, premye jounen grèv la jwenn yon obsèvasyon timid malgre apèl gouvènman an ak lapolis te lanse pou yo mande popilasyon an mennen aktivite li san pwoblèm.

Anfen, Direktè jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Godson Orélus, anonse otorite yo pral mennen yon seri operasyon sere-boulon pou yo kontrekare aktivite bandi ame kap opere nan alantou kapital la, Pòtoprens. Chèf PNH la mande popilasyon an gade kalm li, jiskaske responsab yo va mete bandi sa yo anba kòd.

XS
SM
MD
LG