Ozetazini, yon sondaj ki fèk parèt montre 2 novis nan politik (milyadè Donald Trump ak ansyen medsen-chirijyen Ben Carson) twouve yo kòt-a-kòt nan tèt kandida pou nominasyon Pati Repibliken an pou eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.
Sondaj sa a se travay Inivèsite Quinnipiac. Li montre kandida gran-panpan Donald Trump genyen 24% popilarite pami elektè repibliken yo, swa yon pwen devan kandida Ben Carson ki yon ti jan pi rezève e ki genyen 23%. Menm sondaj la montre senatè Eta Florid la, Marco Rubio, vini an 3èm pozisyon avèk 14% entansyon vòt yo.
Nan kan demokrat la menm, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton pran yon gwo avans sou konkuran li a, Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders; chif yo se: 53 pou Madam Clinton kont 35 pou san pou senatè Sanders. Premye vòt yo pral dewoule nan mwa fevriye 2016 pwochen kote elektè ameriken yo pral jete bilten nan eta Iowa ki nan mitan peyi a, avèk New Hampshire ki nan pati nòdès Lèzetazini.