Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten -ki se an menm tan Asistan Sekretè Deta Lèzetazini pou Afè Emisferik yo-- bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la yon entèvyou kote li eksprime opinyon administrasyon Obama a sou eleksyon jeneral ki dewoule dimanch 25 oktòb la ann Ayiti.
Misye Merten fè konpliman pou tout pèp ayisyen an an jeneral, e an patikilye pou gouvènman an, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou yon travay anpil sektè nan peyi a kou aletranje konsidere kòm yon siksè.
Kowòdonè Espesyal la, ki tap reponn kesyon Jacques Jean-Baptiste, deklare se avèk yon gwo plezi Lèzetani te pote kontribisyon l nan òganizasyon eleksyon yo ann Ayiti, yon peyi Lèzetazini konsidere kòm yon zanmi e yon patnè. Misye Merten, ki ajoute Washington ap swiv avèk anpil enterè sa kap pase nan peyi karayib la, ensiste pou l di Lèzetazini pa genyen okenn preferans pou yon kandida kèlkonk, e li swete tout lidè polik yo ak tout kandida yo va respekte rezilta KEP a pral pibliye yo, paske "tout moun pa kapab genyen."