Accessibility links

Breaking News

Etazini Selebre 2èm Jounen Entènasyonal Efò pou Mete Fen nan Enpinite pou Krim Kont Jounalis.


 Jounen Entènasyonal pou Mete Fen nan Enpinite (International Day to End Impunity -- IDEI).
Jounen Entènasyonal pou Mete Fen nan Enpinite (International Day to End Impunity -- IDEI).

Depatman Deta ameriken an te make, nan jounen lendi 2 novanm 2015 la, 2èm Jounen Entènasyonal kont Enpinite pou Krim sou Jounalis. Nan sal kote sesyon kesyon-repons yo toujou dewoule ak repòtè yo, responsab relasyon ak laprès la, Elizabeth Trudeau, te eksplike rezon-dèt yon jounen konsa e poukisa Lèzetazini obsève jou sa a. Madam Trudeau di:

" Gen twòp repòtè atravè lemond kap fè fas ak yon nivo menas ak vyolans moun pat janm wè anvan. Yo pote yo nuizans; yo jete yo nan prizon e yo menm touye yo poutèt tou senpleman yap fè travay jounalis yo, ki se rapòte nouvèl. Sa k pi rèd la, se raman otorite yo rele devan lajistis moun ki komèt krim kont jounalis. Daprè l'UNESCO, sou 10 ka kote moun komèt move zak sou travayè laprès yo, se yon sèl ki ale devan lajistis."

Responsab relasyon ak laprès Depatman Deta a, Elizabeth Trudeau, te pale ak repòtè yo yon jou aprè yon rankont ant Sekretè Deta John Kerry ak Prezidan Ousbekistan an, Islam Karimov -rankont kote ofisyèl Depatman an te pran men jounalis Carol Morello, yon repotè jounal Washington Post, epi yo te prese sòti avèk li aprè li te poze yon kesyon sou dosye dwamoun peyi Ousbekistan. Lè laprès te mande Madam Trudeau eksplikasyon sou ensidan sa a, li te deklare:

"Ekip nou ki la pou asiste laprès ak sekirite diplomatik nou ap travay atravè lemond nan divès peyi ak isit la, nan Depatman Deta a, pou yo ede jounalis yo jwenn enfòmasyon epi pran kontak ak sous nouvèl yo, ak otorite yo. Sepandan nou pa pafè. Nou pral jete yon koutje sou sa k te pase a; e si gen mwayen pou nou revize sitiyasyon an epi pote koreksyon nan pwosesis la, ebyen, nou pwomèt nap fè sa."

XS
SM
MD
LG