Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik ak Sekirite: Gwo Mezi pou Pwoteje Piblik la anvan Piblikasyon Rezilta Eleksyon Prezidansyèl yo.


Gouvènman ayisyen an anonse li pran tout dispozisyon ki nesesè pou asire sekirite popilasyon an nan moman Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap pare pou l pibliye rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl yo jedi 5 novanm 2015 la.

Nouvèl Ayiti pou jedi 5 novanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:25 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Ministè Komès ak Endistri fè yon prezantasyon sou diferan pwogram ak zouti li genyen pou l akonpaye antreprenè ki envesti ou òmdafè potansyèl ki ta vle envesti nan peyi a. Ministè a fè prezantasyon sa a nan kad sa ki rele "yon mèkredi refleksyon" Bank Entèrameriken Developman (BID) òganize yon fwa pa mwa. Francis Gracia, Direktè kabinè Minis la, fè konnen pwogram sa ap pèmèt responsab yo devlope nan peyi a antrepriz nan domèn tankou agro endistriyèl, manifakti, tourism, ak endistri mekanik. Sou bò pa l, reprezantan BID la ann Ayiti, Gilles Damais, fè konnen pwogram nan ofri yon okazyon pou aktè konsène yo reflechi sou diferan pwoblèm ki gen rapò ak antreprenarya epi pote solisyon ki nesesè pou devlopman peyi a.

XS
SM
MD
LG