Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon : Manifestasyon - Arestasyon - Sezi Zam


Lapolis nan peyi d Ayiti arete 4 moun, yo sezi 4 manchèt tandiske yon jounalis blese nan tèt: se bilan manifestasyon Gwoup 8 kandida a la prezidans yo te lanse nan jounen jedi 26 novanm 2015 la. Korespondan nou Orpha Dessources di nou fòs de lòd yo kraze manifestasyon an pandan li tap rive tou pre Petyonvil apre yo te modifye pakou òganizatè yo te prevwa a.

Seri manifestasyon sa yo ap dewoule nan moman Gwoup 8 la rankontre plizyè fwa pou konnen si wi ou non y ap kore kandidati kandida LAPEH a, Jude Celestin, fas ak kandida PHTK a (pati ki sou pouvwa a) Jovenel Moise nan 2èm tou eleksyon yo ki fikse pou 27 desanm 2015 la. Konsèy Elektoral Pwovizwa a ouvè kanpay prezidansyèl la ofisyèlman; li kòmanse jedi 26 novanm nan e lap pran fin 22 desanm 2015.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 27 novanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:03 0:00
Direct link

Yon lòt kote, biwo Sekretè Deta pou Entegrasyon Moun Andikape yo, an kolaborasyon ak Sant Entrepreneurship ak leadership, CEDEL Haiti, lanse 4èm fowòm anyèl sou entreprenariat kap dire 3 jou: 27, 28 ak 29 novanm 2015 la. Sekretè Deta Moun Andikape yo, Gérald Oriol Junior, fè konnen objektif foròm sa a, se bay jèn nan milye defavorize yo ak andikape yo zouti ki nesesè pou yo pran avni yo an men epi chanje kondisyon lavi yo.

Anfen, nan vil Orlando, nan sant Eta Florid, Ozetazini, manm sektè komès ak endistri a leve lavwa pou yo swete sitiyasyon politik enstab la jwenn yon solisyon ann Ayiti pou yo peyi a kapab gen klima ki nesesè pou l atire òmdafè --ayisyen kap viv nan Dyaspora a tankou etranje-- ki ta renmen al envesti nan peyi a.

XS
SM
MD
LG