Accessibility links

Breaking News

Tansyon an ap Monte ant Larisi ak Latiki


Prezidan Latiki a, Recep Tayyip Erdogan, ki tap pale padan yon rankont nan palè nasyonal la nan Ankara, nan jounen madi 24 novanm 2015 la.
Prezidan Latiki a, Recep Tayyip Erdogan, ki tap pale padan yon rankont nan palè nasyonal la nan Ankara, nan jounen madi 24 novanm 2015 la.

Nan peyi Tiki, Prezidan Recep Tayyip Erdogan deklare nan jounen mèkredi 25 novanm 2015 la peyi li tap defann sekirite li tou senpleman lè kèk avyon de gè tik te desann yon avyon konba Larisi; men li pa ta renmen wè afè sa a deteryore pou l pran yon pwopòsyon ki depase limit jous pou l ta deranje rapò ant Latiki ak Larisi.

Pandan Misye Erdogan tap pran lapawòl nan yon seremoni ki dewoule nan vil Istanboul, li di, si avyon ris la t al tonbe nan peyi Siri, li te nan espas ayeryen tik la lè aviyasyon militè peyi li te tire sou li a. Sepandan, sa pa anpeche otorite ris yo fè konnen ensidan an bay yo pwoblèm e Prezidan Vladimir Putin pa mete dlo nan bouch li pou l di sa l panse de sa k pase a. Prezidan Putin deklare:

“ Pèt nou fè Jodi a reprezante yon kout-ponya nan do nou pran nan men moun ki mare sosis yo ak teworis.”

Ahmet Davutoglu se premye minis tik la. Li pale nan menm jounen mèkredi a pou l di peyi li pare pou l defann souverènte li e otorite yo pran tout prekosyon ki nesesè pou yo pwoteje sekirite fwontyè yo ak sitwayen yo. Misye Davutoglu di :

“Tout moun dwe konnen nou dispoze fè nenpòt ki sakrifis e pran tout prekosyon ki nesesè lè peyi nou twouve l antoure ak flanm-dife; lè danje menase sekirite fwontyè nou ak lavi sitwayen nou yo.”

Malgre demanti Larisi, gouvènman tik la ensiste pou l di avyon-konba a te antre nan syèl Latiki e se aprè plizyè avètisman aviyasyon militè peyi a te deside desann li.

XS
SM
MD
LG