Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Politik: Premye Minis Evans Paul Mande Prezidan Michel Martelly Fòme yon Komisyon Elektoral


Premye Minis Evans Paul
Premye Minis Evans Paul

Premye Minis ayisyen an Evans Paul mande Prezidan Michel Martelly fòme yon komisyon elektoral ki ta la pou fè gouvènman an ak konsèy elektoral la rekomandasyon sou dewoulman pwochen eleksyon yo. Jounalis Gregory Jean Philippe --ki reponn kesyon Jean Robert Philippe-- di demand Premye-Minis la kontrè ak doleyans opozisyon an ki reklame pito fòmasyon yon komisyon endepandan pou analize pwosè vèbal eleksyon prezidansyel 25 oktòb la e verifye lejitimite rezilta yo ki bay kandida pati ki sou pouvwa a premye plas la -rezilta opozisyon an an blòk rejte.

Nouvèl Ayiti pou jedi 17 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:07 0:00
Direct link

Bò kote pa l, ansyen kandida a la prezidans e kowòdonatè Pati OPL (Oganizasyon Pèp kap Lite), pwofesè Sauveur Pierre Etienne, di opozisyon an mande yon komisyon evalyasyon endepandan e non pa yon komisyon elektoral, jan kominike Primati a mande l la.

Anfen, Ministè Afè Etranjè ayisyen an òganize yon atelye travay nan kad preparasyon yon rapò sou Pak Entènasyonal Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl (PIDESC) Ayiti te apwouve ann Oktòb 2013. Daprè chèf adjwen seksyon dwa moun Nasyonzini an, Hui Lu, rapò sa a pral pèmèt otorite analize pwogrè ki fèt nan domèn respè dwamoun nan peyi a epi idantifye defi y ap konfwonte nan domèn nan.

XS
SM
MD
LG