Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Legliz Katolik Poze Kondisyon pou l Fè Pati Komisyon Verifikasyon Elektoral la


Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pibliye rezilta eleksyon lejislatif yo vandredi 18 desanm nan malgre komisyon verifikasyon elektoral poko enstale. Legliz katolik -yon nan entite dekrè prezidansyèl la te anonse kòm manm komisyon an- poze kondisyon pou l fè pati gwoup la an k ap gen 3 jou pou l soumèt rekòmandasyon li devan gouvènman an ak KEP a sou sa k te pase pandan dewoulman eleksyon 25 oktòb la ak fason pwosesis la kapab avanse.

Pami kondisyon sa yo genyen: 1. Fòk komisyon an kapab travay an tout endepandans;- 2.- Fòk travay la fèt ak transparans; 3.- Epi plis detay sou misyon komisyon an. Kèk sous ta fè konnen yerachi Legliz la ta poze kesyon pou l mande sou ki kritè otorite yo te baze yo pou yo chwazi lòt manm yo.

Jounalis Gregory Jean Philippe, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di kesyon ap poze sou rezondèt ak avni komisyon kontwovèse sa a nan moman rete mwens ke yon semèn pou 2èm tou prezidansyèl yo dewoule.

Nouvèl Ayiti pou lendi 21 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:07 0:00
Direct link

Yon lòt kote, zak vyolans eklate nan plizyè rejyon peyi a, apre piblikasyon rezilta eleksyon yo. Divès kandida denonse kèk manm konsèy elektoral ak jij biwo kontansye elektoral la ki, daprè yo, ta oblije yo ba yo lajan pou fè yo ranpòte laviktwa --akizasyon pati konsène yo rejte. Nouvèl yo rapòte vyolans, pa egzanp, nan vil Anse-à-Foleur, nan Depatman Nòdwès la.

Anfen, depite ki fèk eli pou sikonskripsyon Bèlans la, nan Depatman Sidès peyi a, Vilma Mathieu, lanse apèl pou l mande pati ki enplike nan kriz elektoral la travay ansanm pou pèmèt nouvo eli yo (san bliye Prezidan repiblik la) prete sèman nan dat kalandriye elektoral la prevwa a. Bò kote pa l, depite eli Ba Plato Santral la, Abèl Descollines, anonse li pral travay ak lòt kòlèg li yo nan 50èm lejislati a sou yon rezolisyon pou modifye lwa elektoral la.

XS
SM
MD
LG