Accessibility links

Breaking News

G-30: Yon Nouvo Gwoup Politik ann Ayiti Mande Re-evalyasyon Prezidansyèl yo


Ann Ayiti, yon nouvo gwoup politik parèt sou sèn politik la aprè fòmasyon Gwoup G-8 la ki okipe atansyon piblik la pandan 2 zou 3 semèn ki pase yo avèk revandisyon li fè konsènan eleksyon prezidansyèl yo - antwòt. Daprè jounalis Grégory Jean-Philippe --kap travay nan radyo afilye Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Radyo-Tele Karayib FM-- nouvo gwoup la rele G-30 e pwopozisyon li mete devan pouvwa an plas la -e sitou devan Konsey Elektoral Pwovizwa a- pa tèlman diferan ak doleyans Gwoup G-8 a: se egzije yon re-evalyasyon rezilta eleksyon prezidansyèl 25 oktòb pase a pandan li ensiste sou kondisyon ki ta dwe reyini pou pwosesis elektoral la avanse nan bon direksyon an.

=================================

Nouvèl Ayiti/Jedi 3 Desanm 2015 - Prezantasyon: Marie-Luce PIERRE ak Lyonel DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:42 0:00

Inyon Ewòp la lanse kreyasyon yon obsèvatwa pou reflechi sou pwoblèm ki afekte relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Daprè anbasadè Inyon an nan Pòtoprens, Vincent Dejèr, domèn obsèvatwa sa a ap kouvri se: migrasyon, anviwonnman, edikasyon ak echanj komèsyal. Objektif la se kontinye konstwi sou travay ki te fèt pandan rankont prezidan 2 peyi yo, Michel Martelly ak Danilo Medina, te fè sa pa gen lontan nan vil Barahona, nan Repiblik Dominikèn.

=================================

Pwofesè Camille Chalmers, direktè egzekitif òganizasyon prive PAPDA, lanse lide yon nouvo tip devlopman pou peyi d Ayiti. Misye Chalmers, ki ensiste sou nesesite pou yo edike popilasyon an sou danje rechofman planèt la poze, lonje dwèt sou sa li rele “responsablite sistèm kapitalis la” nan danje chanjman klimatik yo poze pou avni mond la. Li pale sou diferan konsekans rechofman planèt la genyen sou peyi d Ayiti –tankou lapli ki pa tonbe lè li abitye tonbe, sechrès pwolonje, ak monte nivo lanmè a nan vil ki sou kòt peyi a, sa ki kreye posiblite pou vil sa yo disparèt.

XS
SM
MD
LG