Direktè Egzekitif Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Mosler Georges --ki t ap rankontre ak laprès lendi 14 desanm 2015 la -- evite reponn kesyon ki te mande si wi ou non KEP a ap ranvwaye 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo ki fikse pou 27 Desanm 2015 la. Sepandan Msye Georges di tout ranvwa eleksyon yo ka gen move konsekans sou enstalasyon yon palman tou nèf e pwobableman sou envestiti yon nouvo prezidan ki fikse pou le 7 Fevriye 2016 la.
Yon lòt kote, Pasteur Edouard Paultre, youn nan lidè sosyete sivil la, reyaji pou l di anons Misye Georges fè pou l di KEP a pa dispoze ranvwaye dat eleksyon yo --malgre apèl opozisyon an ak divès lòt sektè-- montre otorite elektoral yo pa tande vwa majorite nasyonal la e li panse pwosesis la rive nan yon enpas.
Anfen, lidè Polis Nasyon Zini an ann Ayiti (UNPOL), Komisè Serge Terriault, ap mete yon fen nan misyon li nan peyi a aprè li fin pase 4 tran nan tèt branch polisye Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTAH). Misye Terriault, ki prezante yon bilan pozitif sou travay enstitisyon polisyè a, di se avèk satisfaksyon lap kite yon Polis Nasyonal (PNH) ki montre li gen kapasite pou l garanti sekirite peyi a. Komisè Terriault apresye tou le fèt ke eleksyon ap dewoule ann Ayiti pu renouvle lidèchip politik peyi a.