Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik / 25èm Anivèsè Eleksyon Jean Bertrand Aristide kòm Prezidan


Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide
Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide

Pati Fanmi Lavalas ap make, nan jounen mèkredi 16 desanm 2015 la, 25èm anivèsè eleksyon lidè pati a, Jean Bertrand Aristide, kòm Prezidan de la Repiblik. Sete premye eleksyon demokratik ki dewoule nan peyi a. Doktè Maryse Narcisse, kandida a la prezidans pati a ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di 16 desanm 1990 se te aboutisman yon lit ki te kòmanse anvan depar Jean Claude Duvalier pou legzil le 7 Fevriye 1986.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 16 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:48 0:00
Direct link

Anfen, Direktè Egzekitif Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Mosler Georges, fè konnen enstitisyon an pran tout dispozisyon pou l òganize dezyèm tou eleksyon prezidansyèl yo dimanch 27 desanm 2015 la kòm kalandriye elektoral la prevwa l la. Sepandan Misye George fè konnen respè dat sa a pa depann de li menm an tan ke teknisyen, men se desizyon tout konseye yo.

XS
SM
MD
LG