Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: 5èm Deba Pati Repibliken an ap Dewoule Madi 15 Desanm 2015 la


Kandida a la prezidans Pati Repibliken an (sòti agoch ale adwat): Senatè Ted Cruz, antreprenè Donald Trump, Doktè Ben Carson ak ansyen Gouvènè Eta Florid la Jeb Bush pandan yon pòz-reklam nan mitan 2èm deba ofisyèl pati a nan Bibliyotèk Ronald Reagan nan, nan vil Simi Valey, Eta Kalifòni, le 16 septanm 2015 la. (Foto: REUTERS/Lucy Nicholson).
Kandida a la prezidans Pati Repibliken an (sòti agoch ale adwat): Senatè Ted Cruz, antreprenè Donald Trump, Doktè Ben Carson ak ansyen Gouvènè Eta Florid la Jeb Bush pandan yon pòz-reklam nan mitan 2èm deba ofisyèl pati a nan Bibliyotèk Ronald Reagan nan, nan vil Simi Valey, Eta Kalifòni, le 16 septanm 2015 la. (Foto: REUTERS/Lucy Nicholson).

Ozetizini, kandida a la prezidans yo pou pati repibilken an pral fè 5èm deba yo nan sware madi 15 desanm 2015 la nan vil Las Vegas, Eta Nevada. Sitiyasyon an yon ti jan chanje depi yo te fè dènye deba an dat la sa gen plis pase yon mwa, pi egzatteman nan dat 10 novanm pase a. Sou plan nasyonal la, milyonè Donald Trump rete an premyè pozisyon; men senatè Eta Tegzas la, Ted Cruz, pran devan li nan sondaj ki fèt nan yon Eta-klé, an palan de Iowa.

Rezilta dènye sondaj yo montre atak teworis ki te fèt nan vil Pari, ann Frans, nan dat 13 novanm 2015 la, ak nan vil San Bernardino, nan Eta Kalifoni, nan jounen mèkredi 2 desanm nan genyen bon jan konsekans sou elektè yo. Malgre deklarasyon egzajere kandida Trump fè pou l mande entèdi etranje mizilman antre Ozetazini, kòt popilarite misye toujou rete byen wo. Donald Trump di:

“ Nap viv nan lapèrèz. Se pa mwen-menm ki kreye lapèrèz la; moun isit ap viv nan lapèrèz.”

Chirijyen retrete byen koni Ben Carson, ki te pase lontan ap talonnen Donald Trump, sibi yon bès a-pik nan sondaj nasyonal yo. Jounen jodi a li pèdi 15 pwen pou l okipe 3èm plas la alòske, nan mwa d’oktòb la, li te nan premye pozisyon. Doktè Carson bay reyaksyon li nan deklarasyon sa a:

<< Chif sondaj yo se chif ki monte e ki desann. Mwen pat eksite depase limit lè yo te wo a; e mwen pa tèlman eksite non plis lè yo desann ba a. Konpetisyon an gen monte-desann rapid ladan n. >>

Pral genyen yon chanjman nan deba madi swa a. Gouvènè Eta New Jersey a, Chris Christie --ki pat asiste tiraj nan deba prensipal la nan dat 10 novanm nan, paske li pat kalifye pou sa-- ap prezan nan Las Vegas. Li bay opinion li sou kèk nan kalite yon ameriken dwe posede pou l vin prezidan Lèzetazini.

“ Youn nan bagay ki pi eksitan lè w Prezidan, se kapasite ou genyen pou w chanje lide moun yo, pou w chanje sa yo gen nan kè yo; e pou w fè sa, fòk ou kapab chanje lide pa w, chanje sa w gen nan kè pa w. “

6 lòt kandida repibliken kalifye pou prensipal deba madi swa a kap dewoule sou patwonaj chèn televizyon CNN, tandiske 4 lòt pral tope kòn yo nan yon deba dèyè-manman ki pral fèt nan aprè-midi menm jounen madi 15 desanm nan.

XS
SM
MD
LG