Accessibility links

Breaking News

Etazini-Sekirite: Reyaksyon sou Apèl Donald Trump ki Mande Entèdi Vizit Tout Etranje Mizilman nan Peyi a.


Pòtpawòl Lamezon Blanch la, Josh Earnest, ki tap reyaji sou deklaraasyon kandida Donald Trump yo.
Pòtpawòl Lamezon Blanch la, Josh Earnest, ki tap reyaji sou deklaraasyon kandida Donald Trump yo.

Ozetazini, kandida repibliken pou pòs prezidan an, Donald Trump, pa sispann etone moun apre li te lanse lide pou gouvènman an bloke totalman e konplètman tout mizilman etranje pou yo pa antre sou tèritwa ameriken an “jiskaske otorite peyi a va fin pa konprann kisa kap pase konsa a.” Misye Trump te pale konsa lendi 7 desanm 2015 la nan Eta Kawolin di Sid kote li te di kèk sondaj montre yon gwo pati nan popilasyon mizilman an atravè lemond gen santiman rayisab kont Lèzetazini.

Prezidan chanm depite Lèzetazini an, Paul Ryan, ki tap abòde dosye a madi-a, pa dakò ditou ak apwòch misye Trump la. Misye Ryan deklare:

“Sa Kandida a pwopoze a, se pa sa pati republiken an reprezante; epi, sa k pi enpòtan toujou a, se pa sa peyi nou an reprezante non plis. Non sèlman gen anpil mizilman kap pèdi lavi yo pou peyi sa a, men anpil mizilman ap sèvi Lèzetazini nan Kongrè sa a menm; yap travay chak jou pou yo defann e fè respekte konstitusyon an. Kèk nan pi bon alye nou nan lit kont teworism ekstremis, radikal islamik la, se mizilman, e pi fò nan yo se moun ki renmen lapè.”

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, pa mete dlo nan bouch li pou l di pozisyon Donald Trump la pa an akò ditou ak prensip ki sèvi kòm baz demokrasi amerikèn nan. Misye Earnest deklare:

“Kanpay Misye Trump ap mennen depi kek mwa deja a genyen sou li yon soupoudre pousyè ki fè konprann li repoze sou listwa. Sòti nan manti tou pi lap bay yo, rive sou cheve li ki se fo cheve, se yon sòt de kanaval misye mete devan nou la a. Kesyon ki poze jounen jodi a, se konnen ki pozisyon lòt lidè nan pati repibliken an epi konnen si, yo menm tou, yo pral tonbe nan pyèj sa a kote moun ap defòme listwa. Ebyen, jan sa ye jounen jodi a, li pa sanble repons la se yon bon repons. “

Deklarasyon Donald Trump yo se reyaksyon kandida repibliken an aprè masak kèk ekstremis islamik te komèt mwa pase a nan vil Pari, an Frans, epi nan Eta Kalifòni, Ozetazini, semèn pase a. Sou menm dosye a, koup marye ki te touye 14 moun epi blese 21 lòt nan Kalifòni mèkredi 2 desanm pase a, te pratike egzèsis tire anvan atak la; pandan yon ti tan, yo te sibi lavaj sèvo ki te fè yo tounen fanatik relijyon islamik la, daprè sa FBI fè konnen.

XS
SM
MD
LG