Accessibility links

Breaking News

Plan l’ONU pou Yon Gouvènman Inite Nasyonal nan Libi


Sekretè Deta ameriken an, John Kerry (agoch) ak Minis Afè Etranjè italyen an, Paolo Gentiloni (devan, adwat) pandan yo tap patisipe nan yon konferans entènasyonal sou Libi nan Depatman Afè Etranjè a nan vil Wòm, dimanch 13 desanm 2015 la.
Sekretè Deta ameriken an, John Kerry (agoch) ak Minis Afè Etranjè italyen an, Paolo Gentiloni (devan, adwat) pandan yo tap patisipe nan yon konferans entènasyonal sou Libi nan Depatman Afè Etranjè a nan vil Wòm, dimanch 13 desanm 2015 la.

Puisans mondyal yo fèk mete fen nan yon rankont ki te gen ladan reprezantan 2 gwoup politik rival kap dirije peyi Libi yo. Rankont la fini ak yon deklarasyon ki apiye yon plan l'ONU patwone e ki ta kapab tabli yon gouvènman inite nasyonal.

Delege 17 peyi avèk 4 puisans mondyal, ki te gen ofisyèl 2 kan libyen yo avèk yo, te reyini dimanch 13 desanm 2015 la nan vil Wòm, ann Itali; ko-prezidan rankont la sete Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ak kòlèg italyen li a, Paolo Gentiloni. Misye Kerry di li lè, li tan pou yo elimine enpas la epi avanse pou garanti avni peyi Libi. Chèf diplomasi Lèzetazini an deklare:

<< Nou pa kapab kite statu kwo kontinye nan Libi. Li danjere pou peyi a kontiye egziste, li danjere pou sitwayen libyen yo; e jounen jodi a, akoz ranfòsman prezans Gwoup Eta Islamik la kap deplase al tabli li laba a, sitiyasyon an danjere pou tout moun. >>

Nan mwa novanm pase a, L'ONU te pibliye yon rapò ki te fè konnen Gwoup Eta Islamik la genyen ant 2 mil e 3 mil konbatan nan Libi e mwatye nan militan sa yo twouve yo nan vil Sirte, ki anba kontwòl gwoup la.

XS
SM
MD
LG