Sipèsta NBA a LeBron James deklare Madi ke otorite ameriken yo pa fè ase pou ede Brittney Griner jwenn liberasyon li epi tounen Ozetazini. Pou rapel Jwèz WNBA a te jwenn arestasyon li nan Larisi depi fevriye pou posesyon dwòg.
Larisi nan Vandredi entèdi 384 palmantè Japonè pou pa mete pye sou tèritwa li an repons apre Tokyo te deside apiye sanksyon entènasyonal yo kont Moskou akoz operasyon militè li nan Ikrèn.
Prezidan Etazini Joe Biden deklare vandredi pandan li te kanpe ansanm ak Prezidan Pouvwa Palestinyen Mahmoud Abbas nan Sisjòdani l ap kontinye sipòte travay pou rive nan yon soslisyon 2 eta pou konfli Israel-Palestinyen an, men li rekonèt ke jou pou sa fèt la ka parèt byen lwen."
Istanboul - Nan Tiki, otorite yo di gen posiblite pou efò k ap fèt pou pèmèt Ikrèn jwenn posiblite pou l ekspòte sereyal li yo sou mache entènasyonal la, nan moman pri manje nan lemond ogmante seryezman pandan dewoulman lagè Larisi lanse nan Ikrèn nan.
Emmanuel Macron deklare jedi ke Larisi ap itilize gaz li a tankou yon "zam nan lagè a" e Ewòp dwe "pare" pou yon dezòd total kote yo pap kapab jwenn gaz Ris la.
Manifestan yo defye yon baraj, gaz lakrimojèn ke fòs lòd yo tap tire , kanon dlo, manifestan yo te antre nan biwo premye minis ka nan Sri Lanka Mèkredi apre prezidan an te kouri met deyò kite peyi.
Depatman Deta di ke 3 Ameriken jwenn arestasyon nan Venezyela paske yo te antre ilegalman nan peyi a, sa ki te mete ajou a 11, kantite sitwayen ameriken ki jwenn arestasyon nan peyi a nan dènye mwa sa yo.
40 peyi ki gen ladan Etazini, peyi manm Inyon Ewopeyèn yo, Wayòm Ini ak plizyè eta Azyatik te mande Larisi Mèkredi nan yon deklarasyon yo te ekri ansanm pou sipliye Larisi pou "sispann imedyatman operasyon militè li a nan Ikrèn", epi sipòte apwòch Kyev pran nan Tribinal Entènasyonal la.
Yon responsab nan administrasyon prezidansyèl la Kiril Tymoshenko te anonse Mèkredi ke gen omwen 5 sivil ki te mouri nan yon atak ki te detwi yon bilding toupre Mykolaiv, ki se youn nan pi gwo vil nan sid Ikrèn.
Twitter te pran aksyon legal Madi pou fòse Elon Musk achte rezo sosyal la. Dapre sa avoka yo di, yo te tabli kondisyon yo ak bòs Tesla a nan fen mwad Avril la, ki te evalye acha rezo a $44 milya.
Jodi madi a Euro a vin an egal ego ak dola Ameriken an. Sa se on bagay ke pèsonn pa janm wè depi nan ane yo te tabli Euro a sou mache a. Lajan Euro ap soufri akoz peyi sou kontinan Ewòp la sere boulon Larisi nan dosye gaz, akoz operasyon militè li lanse kay vwazen l Ikren.
Otorite Larisi yo te ouvri yon "ankèt kriminèl" kont Ilia Yachine, youn nan manm opozisyon an.
Chanpyona foutbòl Ikrenyen an pral rekòmanse nan mwad Out malgre envazyon Larisi inisye nan fen mwa fevriye nan peyi Ikrèn , se deklarasyon sa a Minis jènès ak espò nan Ikrèn te fè lendi.
Premye Minis Olandè Mark Rutte fè konnen ke lagè ris yo lanse nan Ikrèn "kapab dire" pou anpil tan, e li mande kominote entènasyonal la pou l "kontinye sipòte Ikrèn".
Lendi Gouvènman Espayòl la te mande gwoup enèji yo ki nan peyi a, pou yo "diminye otank posib" enpòtasyon gaz Ris yo, pandan nan mwa jen an Larisi te vin dezyèm pi gwo founisè gaz pou Espay.
Load more