Accessibility links

Breaking News

Dosye Palestin ak Israel: Biden Ensiste sou Nesesite Pou Rekoumanse Negosyasyon


Prezidan Palestinyen an Mahmour Abbas ak Prezidan Etazini Joe Biden nan vil Bethlehem, Vandredi 15 Jiye 2022.
Prezidan Palestinyen an Mahmour Abbas ak Prezidan Etazini Joe Biden nan vil Bethlehem, Vandredi 15 Jiye 2022.

Prezidan Etazini Joe Biden deklare vandredi pandan li te kanpe ansanm ak Prezidan Pouvwa Palestinyen Mahmoud Abbas nan Sisjòdani l ap kontinye sipòte travay pou rive nan yon soslisyon 2 eta pou konfli Israel-Palestinyen an, men li rekonèt ke jou pou sa fèt la ka parèt byen lwen."

"Pèp palestinyen an ap soufri kounyea," li di, "Nou ka sèlman santi sa. Doulè-nou ak fristrasyon nou. Nan Etazini, nou ka santi l."

Biden ensiste sou nesesite pou rekoumanse negosyasyon dirèk ki ka debouche sou yon eta palestinyen ki gen fwontyè komen ak Israel, ak sekirite sou fwontyè l, fwontyè ke tou le 2 peyi yo asepte, kote chak nan yo ka viv nan "lapè ak sekirite."

Prezidan Etazini an di "pèp palestinyen an merite pou li gen pwòp eta pa li ki endepandan, souvren, byen òganize e ki gen koneksyon ant tout pati ki ladann. 2 eta pou 2 pèp, kote tou le 2 gen rasin fon depi lantikite nan tè sa a, k ap viv kòt a kòt nan lapè ak sekirite."

Abbas di li lè pou nou "vire paj okipasyon Israel sou tè nou an." Li ajoute ke Israel "paka kontinye aji kòm yon eta ki sou tèt lalwa."

Biden anonse pandan vizit li a yon èd finansye $316 milyon pou Palestinyen yo, k ap gen ladann $100 milyon pou sektè medikal la.

XS
SM
MD
LG