Accessibility links

Breaking News

Espay Mande Konpayi Lakay li Pou yo "Diminye" Enpòtasyon Gaz Ris la


Russia Ukraine War Gas Explainer
Russia Ukraine War Gas Explainer

Lendi Gouvènman Espayòl la te mande gwoup enèji yo ki nan peyi a, pou yo "diminye otank posib" enpòtasyon gaz Ris yo, pandan nan mwa jen an Larisi te vin dezyèm pi gwo founisè gaz pou Espay.

Minis Espayòl pou Tranzisyon Ekolojik Teresa Ribera te deklare apre yon Konsèy Minis yo.

"Li ta bon" pou konpayi kap vann gaz yo "chache diminye enpòtasyon gaz ki soti nan Larisi otank sa posib," li di kontrèman ak plizyè sanksyon yo te pran kont Ris yo, gaz Ris la pat janm fè pati de sanksyon sa yo, men gouvènman " konseye konpayi yo pou yo chèche yon altènatif".

Dapre manadjè rezo gaz Espay la, 24.4% nan gaz ke Espay enpòte soti nan Larisi mwa pase a, kont 29.6% ki soti nan peyi Etazini. Aljeri li menm toujou rete pi gwo founisè gaz nan peyi a.

XS
SM
MD
LG