Depite liy du ameriken, madam Marjorie Taylor Greene fè kòlèg li yo sezi ayè mèkredi a lè li te mande yon vòt pou chavire lidè Chanm nan Mike Johnson. Palmantè yo rejte apèl la byen vit.
27 peyi nan Inyon Ewòp la rive jwenn yon akò Mèkredi 8 Me a sou itilizasyon revni ki soti nan byen Larisi ke yo jele sou kontinan Ewòp la, se sa ki soti nan yon reyinyon anbasadè peyi manm yo nan Bèljik ki gen prezidans Inyon an kounyea, dapre sa yon sous ekri sou rezo sosyal X.
Dè santèn sipòtè Izrayèl ak Gaza antre nan konfwontasyon nan Inivèsite Sydney nan peyi Ostrali jodi vandredi a, tankou se eko manifestasyon nan inivèsite Etazini yo ak boulvès Mwayenn Oryan an ki rive sou yon kanpis ki sou yon kontinan pa lòt bò mond la.
Sipesta foutbòl Ayisyen Melchie Dumornay pale ak jounalis VOA Kreyòl nan Paris Francklin Edouard Gedem's apre viktwa ki voye ekip li nan final Lig De Chanpyon Ewopeyen an.
WASHINGTON (AP) — Responsab sèvis ransèyman Ameriken yo detèmine ke Prezidan ris Vladimir Putin pa sanble te bay lòd pou touye lidè opozisyon Alexei Navalny ki mouri nan prizon nan mwa Fevriye pase.
KYIV, Ikrèn (AP) — Prezidan Ikrèn Vladimir Zelenskyy di ke yon atak misil Ris kraze yon antèn televizyon nan Kharkiv, e li fè konnen ke atak sa antre nan kad travay entimidasyon ke Kremlin an ap fè sou pèp Ikrenyen an.
Ayiti: Popilasyon an Kouri Kite Kay yo Akoz Vyolans Gang Ame yo
Medya nan LaRisi rapòte ke Kremlen an gen plan deplwaye misil balistik toupre fwontyè li ak Finland. Se dènye nan yon seri menas militè LaRisi kont Finland depi peyi a te antre nan l-OTAN ann Avril ane pase apre Moskou te anvayi Ikrèn.
Kèk diplomat nan loksidan mande Hamas pou li lage otaj ki rete anba men li nan Gaza, pandan sa fè 200 jou depi Hamas te atake Izrayèl.
Inyon Ewopeyen an mete Vandredi sanksyon sou kat kolon Izraelyen ak de gwoup militan Izrayelyen "ekstremist" pou vyolans yo te fè kont Palestinyen nan Sisjòdani ak Jerizalèm.
Load more