Accessibility links

Breaking News

Yon Atak ak Fize Ris Touye 15 Moun nan Ikrèn


Sekouris yo fouye dekonm yo apre yon misil Ris frape yon seri bilding rezidansyel nan Chasiv Yar, rejyon Donetsk nan es Ikren, Dimanch 10 Jiye, 2022.
Sekouris yo fouye dekonm yo apre yon misil Ris frape yon seri bilding rezidansyel nan Chasiv Yar, rejyon Donetsk nan es Ikren, Dimanch 10 Jiye, 2022.

Otorite Ikrenyen yo di omwens 15 moun mouri apre yon fize Ris frape 3 bilding rezidansyèl nan vil Chasiv Yar nan ès peyi a.

Yo krenn pou plis pase 20 lot moun pa bloke nan bilding sa yo apre atak la, ki dewoule Samdi.

Gen 5 moun yo sove anba dekonm yo pi bonè e gen yon lòt gason yo rale soti tou vivan Dimanch swa lè lokal.

Se atak pi motel La Risi lanse kont bilding kote sivil rete. Gen 21 moun ki te mouri pi bonè mwa sa a lè Ris yo te atake yon bilding kote ki gen apatman ak yon zòn rekreyasyon nan rejyon sid ki rele Odessa a.

Met sou sa, 19 moun mouri apre yon misil Ris te frape yon sant d'acha nan Kremenchuk nan mwad Jyen an.

La Risi deklare se sib militè sèlman li frape.

XS
SM
MD
LG