Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pral Voye Plis Zam Wot Presizyon Bay Ikrèn


Gwo zam lou ak tank lame Ikrenyen an ki rete nan vil Lysychank apre retre li pandan konfli ak Ikren nan, 8 Jiye 2022.
Gwo zam lou ak tank lame Ikrenyen an ki rete nan vil Lysychank apre retre li pandan konfli ak Ikren nan, 8 Jiye 2022.

WASHINGTON - Lèzetazini ap voye plis asistans bay Ikrèn pou l ede fòzame peyi sa a atake, deranje epi detui kapasite Larisi pou l kontinye fè lagè nan rejyon an e menm pi lwen toujou.

Nan jounen vandredi 8 jiyèa, otorite ameriken yo bay detay sou yon lòt pakè èd 400 milyon dola pou Ikrèn, k ap gen ladan l 4 lòt sistèm atiyri rocket mobil (HIMARS) plis minisyon atiyri 155 milimèt wot presizyon ki mache ak chaje ki kapab kenbe mil bal, swa yon kalite zam Washington potko mete a la dispozisyon Kyèv jiskeprezan.

Yon ofisyèl ameriken wo-plase ki travay sou kesyon defans e ki pale ak laprès ak kondisyon pou non l pa site dapre règleman ki an vigè nan Pentagòn nan, fè konnen:

“Sistèm zam sa yo se yon sistèm ki presi anpil. Nou espere Ikrenyen yo va itilize yo ak efikasite etandone siksè yo ranpòte jiskaprezan.”

Dapre ofisyèl la, moun te ka konstate siksè sa a gras ak kapasite fòs militè ikrenyen yo te genyen pou yo ralanti e menm pafwa bloke efò sòlda ris yo t ap fè pou yo avanse sou chandbatay yo; se konsa ikrenyen yo te rive vize e frape pòs komand ak sant kontwòl ris yo ak baz kote yo prepare lojistik yo.

XS
SM
MD
LG