AUSTIN, Texas (AP) — Gouvènè eta Texas Greg Abbott padone yon ansyen sèjan lame ki te anba kondanasyon pou asasinay nan lanmò yon manifestan ame ke li te tire an 2020 pandan manifestasyon Black Lives Matter ki t ap dewoule nan tout peyi a.
WASHINGTON (AP) — Chanm Depite a ke Repibliken yo kontwole fè yon vòt ki ale kont desizyon Prezidan Joe Biden pou li te fè yon kanpo nan livrezon bonm bay Izrayèl, ki ka sèvi nan yon ofansiv sou Rafah.
SEOUL, Kore di Sid (AP) — Sè lidè Kore di Nò Kim Jong Un ki gen anpil enfliyans demanti yon lòt fwa ke peyi li ekspòte zam bay Larisi.
Nan peyi Lari, Prezidan Vladimir Putin di Mèkredi (15 me 2024 la ), twoup ris yo app ran plis teritwa chak jou sou chan batay la nan Ikrèn nan tout direksyon.
Yon nouvo sondaj di founisè medikal yo te preskri grenn avòtman bay apeprè 8,000 fanm chak mwa nan eta ki gen entèdiksyon sou avòtman nan fen ane 2023 a.
BEIJING (AP) — Minis Zafè Etranje Chinwa a fè konnen Prezidan Ris Vladimir Putin pral fè yon vizit deta ki gen pou dire 2 jou nan Lachin semèn sa a.
LONDON (AP) — Sekretè afè etranjè peyi Grann Bretay di ke desisyon pou sispann ekspòtasyon zam bay Izrayèl la se "pa yon wout saj " e ke sa ap sèlman ranfòse Hamas.
PROVIDENCE, R.I. (AP) — Teknoloji entèlijans atifisyèl ki repwodui vwa moun gen anpil risk lè moun sèvi ak vwa lòt moun pou yo pale, ke anpil gwo konpayi teknoloji pè kite moun sèvi ak li.
Prezidan Ris Vladimir Putin ranplase Sergei Choigu kòm minis defans nan chanjman ke li ap fè nan kabinè li pou kòmanse senkyèm manda li nan tèt peyi a.
Vyolans ki kreye latroublay nan peyi dAyiti twomatize timoun yo, nou vle di li gen gwo efè sou sante mantal yo.
ATLANTA (AP) — Yon avoka Donald Trump fè konnen ansyen prezidan an espere bay depozisyon li devan yon tribinal apèl nan eta Jòji. Tribinal sila pral gen pou revize yon desizyon ki pèmèt Fani Willis rete nan tèt pwosè ki di Trump te chache manipile eleksyon prezidansyèl 2020 an.
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Konsèy Pwovizwa Tranzisyon ki responsab pou chwazi nouvo lidè yo pou Ayiti ka tounen nan lavi nòmal, ap vini ak yon chanjman nan jan li ap fonksyone, ki fè anpil moun sezi, pandan vyolans gang ap ravaje peyi a.
AMSTERDAM (AP) — Lapolis nan Bèlen kraze yon manifestasyon plizyè santèn aktivis Palestinyen ki te okipe yon lakou nan Inivèsite Bèlen ann Almay.
Load more